Patizan, Koute :

Si on zanmi

Si on mennaj e menm yon ansyen boubout

pa chache pran nouvèl ou, an Ayiti

Pa kriye

Pa plenyen [de] sa.

Se gendwa bri bal yo yo konnen

Se petèt kè sote yo yo tande.

 

Pa kouri kritike

Pa prese kondane

Se pè yo pè kou chat

Jis pou move nouvèl pa ateri sou yo.

Vip !

An vleng bendeng !

 

Patizan, Koute :

Si on fanmi, on bon fanmi, kolòn ou

Si frè w, sè w, kouzen w, bon kouzin ou

Pa tyeke w

Pa rele w

Pa prese pale mal.

 

Se konnen yo konnen

Tout espwa nou yo rete pandye

 sou on frany fil fen Mango fil

ki te rete kache anba tab Mache Salomon

tank bri bal sonnen po yo .

 

Patizan, Koute :

Si manman w

Si papa w

Si pitit ou

pa rele w sèjousi, an Ayiti,

se pa pàn renmen yo pran

nonplis se pa okenn pwoblèm sikwi

ki bouye santiman yo.

 

Se laperèz

Se chagren

Se lapèn

Se lawonte devan lanmou

ki simante po bouch yo

pou okenn mo pa sòti.

 

Se Jis yo pa ka sipòte ankò.

Yo pa ka pran soukous ankò.

 

Yo delala

tankou noumenm

ki annanfans

devan jou yo ki prese pase vit, pi vit

paske yo pè lè a.

Tankou rèv nou yo

ki kouri kache kò yo

paske move tan sènen yo.

Poète, romancier et nouvelliste, Rodolphe Mathurin, connu sous le sobriquet de Sonson Mathurin, voit le jour à Port-au-Prince le 8 décembre 1967. Fils de Mona Joseph et de Klébert Jean, il perd sa mère à l’âge de huit ans ; il est recueilli, très tôt (à 1 an) par sa gran…

Biographie