216 lane depi nou pran lendepandans

Yon delivrans ki makonnen diyite ak rezistans,

Frekansite pou sila yo ki te kwè yo siperyè

Men fyète pou epòk li, douvan tout je sou latè,

Wi! Paske nou se premye pèp nwa ki ak lodas te

souflete

 

216 lane depi nou pran lendepandans
Yon delivrans ki makonnen diyite ak rezistans,
Frekansite pou sila yo ki te kwè yo siperyè
Men fyète pou epòk li, douvan tout je sou latè,
Wi! Paske nou se premye pèp nwa ki ak lodas te
souflete
Yon mond mechan ki te panse l sivilize.

Mhm.. Ala bèl sa te bèl!

Men... jodi a, 1804 la se pouki rezilta ?
Pwoblèm yo rezoud oubyen pi rèd yo toujou la?
Jodi a, kisa ki fyète n?
Kisa nou fè ak libète n?
Ay, nou te nan wotè sila a douvan tout nasyon, an
penpan ak anpil lizay,
Kounyeya nou tonbe byen ba, poubèl pou tout
zagribay!

Pwoblèm yo anpil, peyi DAyiti soufri tout maladi
Inyorans ak pouvwa se kòd lonbrik
Fatra ak lamanjay se bon zanmi
Nanpwen travay nan leta a si w pa gen klik
Kontrebann ak ladwàn fè yon sèl
Pou toupizi malere ki anba lang paka met sèl.

Si malgre kalamite, gen lespri ki ret toudi
Nan chif yo, nanpwen manti:
Plis pase 4.5 milyon moun nan peyi a paka manje
Pandan kòb "PetroCaribe" fin gagote,
Plis pase 52 pousan moun analfabèt, je pete klere
-Analfabèt pa bèt, men li limite!
Konbyen mil dola "per-diem" pou vwayaj san itilite
Pandan moun lasalin pa gen you sant lasante!
Akoz nan Pòtoprens, se yon lopital pou 82 632 abitan
Daprè yon atik "Alter Presse"
sa gen twazan!

Jodi a, si lamizè pwenti tou nen l tankou zegwi,
Lakòz depi nan ginen ti nèg pa janm sispann soufri,
Si chif yo lèd, reyalite a tris
Kat la mare, vant yo pi plis,
Nan gade frè nou yo k'ap trepase
Youn aprè lòt, se nou tout k'ap pase.
Jodi a, fòk lespwa tout kote simen
Pou boujonnen yon bon demen
Kè n dwe tanmen fleri  konsyans,
Konsyans ki marye onètete ak lasyans
Lè sa a, se pral byennèt moun nan sant lasosyete
Nan plas lajan, inyorans ak medyokrite.

Yon lòt Ayiti, se veritab sans lendepandans
Libète tout nèg yo dwe pou nou yon konpetans
Objektif nou se chanje lavi
Se fè lespwa tout kote fleri
Men jodia Peyi a malad, lajenès ozabwa
Konsyans nou rele nou, tan an sonm, nou gen randevou ak listwa.
 

Née le 12 octobre 1999 à Cavaillon, a fait ses études primaires à la Première Eglise Baptiste des Cayes et ses études secondaires au Collège Saint Jean ou elle a découvert sa passion pour l'écriture et son amour pour la musique. Diplômée en Sciences Administratives Option Ges…

Biographie