Pou anpil ayisyen, depi 1957 Ayiti pran wout yon twou san fon ak eleksyon Dr François Duvalier olye de Louis Déjoie. Pou anpil lòt, wout lanfè ayisyen koumanse ak touye kochon peyi/kochon dyòl long yo pou rive sou depa Jean-Claude Duvalier 7 Fevriye 1986. Sou non demokrasi, tonton Sam kwape yon diktatè ki pa t aksepte detrui pwodiksyon diri Ayiti pou ranplase l ak diri ki sòti Etazini. Bill Clinton konfese l piblikman. Kidonk, pòt lanfè louvri pou ayisyen depi lane 1986.

Se vre Louis Déjoie te ka fè yon revolisyon endistriyèl an Ayiti, ke te ba evite ayisyen kote yo ye jounen jodi. Men, sa rete yon ipotèz, paske se pa paske li te yon endistriyèl ki fè ke li t ap al devlope endistri an Ayiti. Nou gen kòm egzanp pratik Dr Ariel Henry, premye minis aktyèl peyi Dayiti ki medsen men ki pa konstrui menm yon sant sante nan 3 zan li mèt ak seyè Ayiti. Se vre 2 kandida yo te sòti nan klas diferan, se vre yo pa t gen menm fòmasyon; pèp Ayisien te chwazi, vwa pèp se vwa Bondye. Akòz fòs elit milat la te genyen sou gouvènman ayisyen te lakòz Prezidan F. Duvalier aji ak yon fewosite pou kontrekare yo ki mennen a yon diktati sanginè. Sa vle di, se pa paske Louis Déjoie pa t prezidan ki lakòz Ayiti nan katchouboumbe li ye jodi a. Se pito paske Ayiti toujou gen boujwazi ki pa patriyòt nan pwen pou destabilize gouvènman si yo pa ka kontwole l nan enterè mesken yo. Chak prezidan ki pase nan pouvwa Ayiti depi 1986, apre peryòd diktati papa ak pitit Duvalier yo, toujou nan ti soulye yo pou defann enterè 9 fanmi odetriman tout rés ayisyen kit y ap viv Ayiti kit y ap viv nan peyi etranje.

Peyi Dayiti gen anpil pitit ak pitit pitit li k ap viv nan dyaspora a. Yo gen chans etidye ak travay nan anpil peyi nan mond lan. Yo akimile konesans ak pouvwa ekonomik nan peyi y ap viv yo. Poutan, pòt toujou fèmen devan yo depi se pou Ayiti yo vle itilize savwa ak richès yo, akòz boujwazi enpòte ki ranplase boujwa milat yo an Ayiti. Boujwazi milat la, malgre li pa t ap defann menm enterè ak esklav yo, te goumen kote nèg nwè pou bay Ayiti endepandans. Se enterè diferan sa yo ki te mennen lanmò Anperè Jacques 1e, Jean Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyen an 17 Oktòb 1806. Se sa ki kòz tou depi 1806 nou divize: Alexandre Pétion nonmen tèt li prezidan avi nan lwès, Henri Christophe, yon ansyen esklav, nonmen tèt li Wa nan Nò. Divizyon sa a rive kreye 2 diferan Ayisyen: youn ki konekte ak drapo ble ak wouj Pétion an, ak yon lòt ayisyen ki rete konekte ak drapo nwa ak wouj. Drapo nwa ak wouj la konekte depi ak Lafrik, drapo ble ak wouj la konekte ak Lafrans. Jouk jounen jodi, divizyon sa a kontinye, ki lakòz ayisyen pa janm tounen yon nasyon tout bon vre. Pou nou tounen yon nasyon, nou dwe aksepte yon lang; yon kilti; yon objektif komen: BYENNÈT AYITI.

Ayisyen pa dwe apitwaye yo sou pase yo menm jan yo pa kapab ap gonfle lestomak yo sou 1804 nonplis. Nan seremoni bwa ki te fèt kay Cécile Fatiman an/Iman, zansèt nou yo te siyen yon kontra ak lwa Dafrik yo e yo te fè yon sèman: VIV LIB OUBYEN MOURI; ayisyen pa respekte ni youn ni lòt. Nou krache sou EGREGÒ nou, nou adore memwa blan nan priye sen blan ak anbasadè blan, ki lakòz  nou tounen ti chen nan pye blan sou tè zansèt nou te bay san yo nan goumen kont blan esklavajis pou ke nou ka lib kòm pèp. Se vre 1803 te fèt gras a tèt kole blan, milat, ak nèg nwè; nou tout pa t ap defann menm enterè. Ni blan ni milat te toujou minoritè, se Mas nwa a ki te esklav ak ki te gen plis pou pèdi: LAVI YO, LIBÈTE YO, DENMEN YO. Poutan apre lendepandans, Mas nwa a pa t jwenn anyen nan gato a; ki lakòz milat asasinen papa nasyon ayisyen an ki t ap reklame yon ti myèt pou ansyen esklav yo. Tout dirijan ayisyen ki fè reklamasyon sa a pase menm jan. Dènye a se prezidan Jovenel Moïse. Malerezman yo youn pa janm jwenn JISTIS, paske se yon sistèm anpeche moun nwa epanoui ki la depi 1806.

Se pa depi ni 1957 ni 1986 Ayiti pran wout lanfè, se depi 1806. Jouk jodi 2024, Mas pèp Ayisien an kontinye ap goumen pou li endepandan, ènmi yo pa chanje: peyi kolonyalis ki mete ak boujwa enpòte nan itilize gouvènan san kolòn vètebral pou kenbe Mas pèp desandan esklav yo nan labou. Li pi fasil pou peyi ak moun ki pa vle desandan esklav ayisyen yo epanoui kounye a, gras a yon envansyon, yon mo ke yo chouchoute ki se chwal batay yo: DEMOKRASI. Nou pa di ni konsèp ni sistèm, nou di yon mo…paske nan ka moun nwa ak kilti pèp li vid. Ayisyen dwe remonte jis 1806 pou rezoud pwoblèm ayisyen an: Se moun nwa ki te esklav sou tè Dessalines lan, se pa t ni blan ni milat. Kidonk, lanmò Dessalines dwe vanje pou san l pa koule pou granmesi; drapo nwa ak wouj la dwe flote nan syèl Ayiti a.

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie