12 janvye, nou te kriye

Goudougoudou te pase

Tout lespwa nou te ale

 

12 janvye, nou te kriye
Goudougoudou  te pase
Tout lespwa nou te ale
Nou te santi n pèdi pye 
Kòd nan ren, nou tap rele
Tout moun se te dlo nan je
Nou te san sen pou n rele
Nou te bouke nan veye
Tout replik ki vin apre
Nou te rete je kale
Ap mande kot sa prale
Tout zantray nou te rache, 
Gwo malè ki te frape.
Fanmi, zanmi l pot ale,
Bouch pa t gen mo pou pale,
Dlo je koule san rete

Men tou, èske nou sonje,
Nan tout kwen nou te pase,
Te gen solidarite?
Deyò tout moun te rete
Lèw tande lannwit rive
Anba syèl ak lawouze 
Tout vwazen te rasanble
Youn sou lòt tap voye je
Nou pa te nan move je
Tèt ansanm ak charite 
Te fè n pa dekouraje
Nan mitan n pa t gen fache
Nou t ape sere kole
Bagay yo te myèl se vre,
Men anpil fratènite 
Nan mitan nou te pouse
Èske nou ta dwe mande 
Pou gen yon lòt 12 janvye? 
Èske jou sa pa t ase 
Pou montre nou sa nou ye
Pou fè nou pa janm bliye
Ke se frè ak sè nou ye...
 

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie