Annou li!

Sove anviwònman

Sove anviwònman

Chak jou ki pase, pwoblèm anviwònman vin pi grav. Se debwazman, ewozyon, fatra, pousyè, sous yo ki kontamine, lè a ki pwazonnen ak tout kalite lafimen k’ap anpeche moun respire byen. Lavi moun yo vin pi difisil. Sante popilasyon vin pi frajil. Tè a sou wout pou l’ tounen yon lanfè pou kretyen vivan, akòz tout move tretman lezòm fè l’ sibi. Li lè li tan pou nou sove anviwònman nou an. Gen plizyè pwoblèm ki bezwen solisyon bridsoukou tankou debwazman ak yon seri de zannimo k’ap disparèt. Poutan se nou tout ki pou met men ansanm pou nou chanje sitiyasyon sa.

(Kreyòl, 9èm ane fondamantal, St Louis de Gonzague, p. 65)

Yon ti remak

Gen kèk mo ki sibi yon chanjman òtograf pandan ane ap pase tankou : Kalite= Kalte

Vokabilè

Pwazonnen= empoisonné

Randy C. Pierre-Louis est  mariée et a une petite fille d’un an, est née à Port-au-Prince en 1991 mais pour des raisons personnelles, sa famille avait déménagé aux Cayes en 2000. Elle a fait ses études primaires chez les Soeurs de La Providence et les frères Odile Joseph…

Biographie