Douvan lakwa bawon

N ap trase yon vèvè

Pou kwape tout mawon

Sou pòtay lamizè

 

Douvan lakwa bawon
N ap trase yon vèvè
Pou kwape tout mawon
Sou pòtay lamizè

Nan rakwen simityè
M pral plante yon limyè
Pou jennen move zè
K ap bouske ti nyènyè
Pou lonè lamatyè

Douvan papòt loni
M pral tanmen toutouni
Yon grèv jouk mayi mi
Kont gagòt gwo mimi
Lafrans, Etazini

Nan tribinal travay
M pral demele tout tray
Ki jouke n nan zantray
Akòz ti matlotay
 Rakay, politikay

Nan palè nanchonnal
M pral tanmen w tribinal
Pou jije Makdonal,
Preval ak bank mondyal
Pou krim entestinal

Men non fout, divizyon
Pa dwe yon solisyon
Nan pouse lanasyon
Fè yon revolisyon
Kont tout endiyasyon!

Sou lotèl linite
Ann bouske diyite
Jistis, sekirite
Ayiti pap peri!
 

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie