Nan sosyete nou an, nan tan lontan, fanm yo te makonnen sèlman ak sa ki gen pou wè nan fè travay menajè oubyen pran swen kay e kenbe li vivan.

Nan sosyete nou an, nan tan lontan, fanm yo te makonnen sèlman ak sa ki gen pou wè nan fè travay menajè oubyen pran swen kay e kenbe li vivan.

E gason yo te konn mete kò yo deyò al travay pou pote lajan, manje ak tout sa ki nesesè nan kay la, pou swiv patwa ki di gason pa chita.

Men ak evolisyon monn lan epi sa yo rele « emansipasyon fanm lan ki te kòmanse pale depi 1791», kote tout fanm ka gen menm dwa ak gason yo, nou jwenn medam yo pa rete nan kay la sèlman, yo al lekòl, aprann metye e menm al travay nan tout sektè. Yo menm rive senatè, prezidan tou nan kèk peyi. Yo travay nan konstriksyon, wout, kay, kondi machin, pwa lou...elatriye.

Mwen p ap rete sèlman la men m ap fè you ti panche sou lavi « kèk » gason nan fwaye yo.

Souvan nou tande you kay ki pa gen manman pa gen poto mitan pou wòl fanm jwe nan pran swen, sipòte manm fanmiy lan, nouri ak edike timoun… E se vre.

Nan kèk fwaye tou, se gason an ki papa e ki manman a la fwa. Sa konn rive fanm lan bliye wòl li oubyen li manke konprann li. E nan ka sa yo mesye a « fè ak defè » jan granmoun yo konn di l la. Li « A » jiska « Z ».

Men nan kèk lòt fanmiy tou, gason an pa sèlman al travay pou bay kay la manje ak tout lòt sa li bezwen, men tou patisipe pafwa depase mezi nan tout aktivite ki gen pou fèt.

Se moun ki devwe pou fanmiy yo pou lòt mwatye a. Lakay yo se kote lanmou ak konpreyansyon, dyalòg ak respè gen plas yo ak bon jan siyifikasyon nan diksyonè fwaye a.

Petèt anpil moun p ap konprann sa : you gason k ap ede fè travay nan kay li se you gason ki konprann se pa you esklav li te gen avè l men se you « èd » jan li site nan Ekriti Sen yo, you « Zo Kòt ».

Menm jan, you fanm ki viv sa e byen konprann kote l soti p ap janm konsidere mwatye li tankou you « bèf pye » e pase labou nan figi l jan l vle, lè l vle. Okontrè se paske misye vle pran swen fi a, li pwoteje l pou l pa fin vye anvan lè l nan fè travay, nan bliye tèt li ak fòs l ap pran swen lòt yo.

Lè youn konplete lòt gen plis amoni e youn p ap travay plis ke lòt. Lè gason an pa menaje kò l e ap fè eksè nan travay, fanm ki ap voye je sou mari l e k ap founi je gade tout sa k ap pase a ap gen kouraj pou l di l pran you ti repo, si tout fwa li pa vle l pòtre yon “jevandèzakredi” bonè bonè.

Sa enpòtan, menm jan fanm lan dwe jwenn lanmou ak respè, pou gason an tou jwenn respè ak konpreyansyon piske li se Chèf kay la. Yon Chèf, yon lidè nan tout nivo, men pa you bouwo osinon tonton makout.

Li bon lè patnè maskilen an santi antouraj li konprann efò l, apresye travay li, renmen l pou moun li ye a, respekte l e fyè de li. Konsa li p ap al chache nan you lòt nich sa li ta dwe jwenn nan nich pa l.

Si chak patnè nan you koup te viv nan respè ak lanmou youn pou lòt, nan linite sa t ap fasilite lavi fanmiy yo epi diminye divòs pou you ti krik ti krak.

Gen anpil gason ki fè bonè fanmiy yo e goumen anpil pou bonè pa yo ak antouraj yo san yo pa gade sou difikilte y ap jwenn sou chimen maryaj oubyen viv ansanm lan.

Yo fè efò pou kenbe flanbo diyite yo byen liminen e leve tèt fanmiy yo, pa pou lasosyete men paske yo pran responsabilite yo o serye.

 Karaktè yo, devouman yo pou fè sa ki bon, tout bon kalite yo genyen se sa k fè yo enkonparab, ki vle di : Pa ka konpare.

Lè peyi nou Ayiti  gen bon chèf fanmiy konsa, edikasyon timoun yo ki se granmoun demen ap pi byen fèt sa k ap diminye nan delenkans jenès la e fè you nasyon miyò.