Menm lè kè w mare

Ak plizyè ne kou vye kòd lavi,

Batiman w prèt pou l chavire

Nan souvni w, chèche yon ti souri.

 

Menm lè kè w mare

Ak plizyè ne kou vye kòd lavi,

Batiman w prèt pou l chavire

Nan souvni w, chèche yon ti souri.

 

Menm nan moman gwo lapenn 

Sou yon figi fennen dlo je neye

Yon ti souri kapab etenn

Fè nwa tristès ap gaye.

 

Yon ti souri tankou yon kout zeklè. 

Li pa janm dire twò lontan, 

Men li pase pote limyè 

Ki klere syèl gri de tanzantan. 

 

Gade m nan je, m ap gade w nan je.

An nou mete souri n ansanm 

Pou n limen yon gwo boukan dife 

Ka chofe lespwa nan tout nanm.

 

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie