Genyen Lespwa

Menm si replik sou replik nan la repiblik

Si nou satiyet li l' pa fè ik

Menm si la repiblik lonje nan sèkèy

Pa ni pye ni branch sitwonel poun fè vèy

 

Genyen Lespwa  

Menm si replik sou replik nan la repiblik  

Si nou satiyet li l' pa fè ik  

Menm si la repiblik lonje nan sèkèy  

Pa ni pye ni branch sitwonel poun fè vèy  

Menm si pa gen doktè pou pran swenl  

Pap gen kwôk mô pou benyen l  

La repiblik Finn pase, depase trepase  

Genyen lespwa...  

Gen pi plis Lespwa toujou...  

Menm si kamyon ap pote avyon, avyon frape moto sou yon menm pis  Avyon al chèche lenmi avyon depòte zanmi  

Chita dèyè devan nan mitan , nou pa an sekirite nan okenn ti bis  Menm lè tout pati nan kó la repiblik finn vole gagè  

Je l' pa nan tèt li , tèt li pa sou zèpol li  

Vant li pa nan kó l ,  

Bouch li pa gen gou.  

Men pa nan pòch  

Soulye 'l de grenn gôch  

Genyen lespwa...  

Adye wi gen lespwa...  

Menm si tout madan sara ak papiyon la senjan pran kanntè  Sou yon galon san moso papye nap pran lanmè  

Nan travèse nou kontre tout bèt anba forè  

Pitit la repiblik finn tounen sousaflè  

Lespwa fè viv...  

Anba yon menm pomp gazolinn  

Nap rale nway pase brikè pale nan selilè  

Recho dife chabon poul la fè chwèè  

Fatra ap boule lafimen moute tou nwè  

Genyen lespwa...  

Nan yon ti chanm Kay yon lekol 3 vakasyon  

Se denye chwa pitit sôyèt pou ti moso ledikasyon  

Kay mal bati sou pil fatra move strikti  

Goudou goudou yon ti sekous anmwey Jezi  

Genyen lespwa...  

Menm si pitit la repiblik ini pou dezini  

Asosye pou disosye  

Rasanble pou gaye  

Linyon fè la fós la mal entèprete  

Genyen Lespwa...  

La repiblik ap reviv  

Viv la REPIBLIK.