Jou mwen te pral kontre kare epi monte tèren lavi se jou manmanm te kite tè sa .

Non pam se H, yon jèn achitèk ,nan lane 2011  mwen te kite peyim poum te al chèche konesans kay vwazen an. Pandan tout lavim, m te aprann fè byen epi evite fè sa ki mal. Pandan map etidye nan lakou Sendomeng mwen te fè fas ak anpil pwoblèm  ke yon inivesitè ka rankontre tankou : Nwit san dòmi, jounen san manje , manke afeksyon... dèfwa m te  konn bezwen yon moun poum te pale mwen te tèlman okipe mwen pat gen tan pou sa .N'a va padonem si mwen ekri tèks sa an kreyòl se pi bon fason m te ka exprime pi byen sam santi . 

Mwen te grandi nan yon fanmiy ki te gen 3 pitit 2 gason 1 fi. mwen se dènye pitit,  map viv ak manmanm epi papam. mwen te  gen anpil objektif e mwen te toujou fè yon fason poum pa pase akote yo . Chif se domèn mwen. mwen te  renmen  kreye anpil . Nan lavim mwen te rankontre anpil pwoblèm sou wout mwen men mwen pat janm dekourage. 

Nan lane 2016, mwen te vinn pèdi manmanm , fanm vanyanm, nan lane menm m te pral fini etid mwen ., Pi gwo regrè m te genyen se paske li pat gentan jwi fwi travay li , m pat gentan pran swenl ase. ,mwen met kansonm nan tay mwen pou mwen te antere manmanm paske menm jan mizik BIC a dil :"si li deja mouri kitel ale" mwen te pèdi tout fós mwen men m te oblije kontinye bouske ak lavi .

Nan lane 2017  mwen te tounen nan peyim, vinn montre sa m te gen nan djakout mwen . M potko gen pwoblèm se la m pral gen pwoblèm . Nan macheè chèche epi kwaze ak moun ke m te gen lontan nou pa pale, m te  fè yon pase kèk kote ke m te gen yon lyen ak kèk moun , chita pale ak kèk jèn pou ankouraje yo plis sou kóman e pouki yo dwe aprann yon metye .

Pandan tout lavim mwen te renmen yon fanm , ki te toujou kanpe bó kotem nan bon kou move tan. Nan lane 2018 nou deside fonde yon fwaye piblikman ., lanmou nou an te tèlman fó ke pou anpil moun nou marye deja , fanm sa se fanm mizèm, Bondye reyalize rèv mwen li banm li kóm madanm , li te la avèm lèm tap fè nwit blanch nan inivesitem,  li te la avèm lè manmanm te mouri . 

Mwen te  kontinye chèche kote lavi fè kwen , travay nan fason pam , kreye nan fason pam , chèche konesans mete nan tèt mwen . Nan dat ki te 10 novanm 2020 an, nan sousi poum mete plis sou sa m te konnen yo epi soti nan kèk ti problèm kem te twouvem mwen te patisipe nan yon seminè nan yon lotèl m pap site nonl. Soti nan lotèl la depoze valiz mwen ki te gen tout materyèl mwen ladanl, fè yon deplase nan espas kotem te ye  a, mwen bliye byen fèmen pót  machin lan paske mwen patap rive lwen enben tout rèv mwen yo , tout sam te pran tan poum te konstwi yo, vòlè te  ale avèk tout . Mwen te  pèdi fós mwen yon lót fwa ankó. Mwen paka dòmi  , manje vinn pa enpótan pou mwen , lavi vinn pa gen sans pou mwen men m te oblije fè yon lót refleksyon. Mwen te kanpe e di non mwen pap kanpe paskem vle vanse .  

Siw pa motive wap echwe e mwen fenk kare rekòmanse se  bite m te bite men m pat tonbe. Siw pat  pare pouw goumen ak lavi enben ou poko pare pouw viv.

Siw te  bliye nonm relem Sòlda  H.
 

Née le 12 octobre 1999 à Cavaillon, a fait ses études primaires à la Première Eglise Baptiste des Cayes et ses études secondaires au Collège Saint Jean ou elle a découvert sa passion pour l'écriture et son amour pour la musique. Diplômée en Sciences Administratives Option Ges…

Biographie