Mwen sonjé messyé yo. Sylvio Persona( Papa Joe Persona) ak Mersonn Numa. Sé yo ki té fè deux club saa yo byen. Sylvio té Prézidan Lavni. Mersonn té Prézidan Tirailleurs. Yo té deux bon zanmi, deux bons patnè menm. Deux club saa yo, sé té deux enmi juré. Men, mwen pat janm konnen kissa ki té fè sa.

JODI'A FÈ TIRAYÈ 90 AN. LAVNI GEN 92 AN. LAVNI, SE 28 FÉVRIER 1928

Mwen sonjé messyé yo. Sylvio Persona( Papa Joe Persona) ak Mersonn Numa. Sé yo ki té fè deux club saa yo byen. Sylvio té Prézidan Lavni. Mersonn té Prézidan Tirailleurs. Yo té deux bon zanmi, deux bons patnè menm. Deux club saa yo, sé té deux enmi juré. Men, mwen pat janm konnen kissa ki té fè sa.

Sé pandan deux nèg saa yo Prézidan deu club yo, yo té pwan dispozition pou yo fè yo byen. Yo di ke deu club ki gen granjan de moun lavil la konsa ladan yo pa gen dwa enmi. É yo pwan décizyon pou yo fè sa, youn lendi madigra. Jou saa, Tirayè vini à sétè dimaten nan kafou ru La Lapitale ak Avnu Cartagena ki té rélé épok saa Ru La Patrie( Kafou Klub Lavni) .Lavni te konnen y'ap vini. É Lavni soti. Yo frapé tanbou. Yo bày Ochan. Younn apré lòt, yo salué youn lòt. Yo tou lè deu dansé ansanm nan kafou'a. Lè yo fini, yo rantré andedan klub Lavni'an. Yo dansé ansanm. Yo manjé ansanm. Yo bwè ansanm. Lè fini, yo tou lè deu soti ansanm. Anpil kout bagèt " M'TONBÉ NAN KANN" yo alé tou dwat nan Tirayè. Yo manjé ansanm. Yo bwè ansanm. Yo dansé ansanm. Lè li té nan midi konsa, yo tou lè deu soti ansanm. Anba gwo kout bagèt "M'TONBÉ NAN KANN" yo fè deux gran ru yo. Y'al séparé nan Kafou Orel. Lavni pran rue Toussaint Louverture, jis nan kafou terren foutbòl la. Li pwan ru La kapital. Li fè sérémoni abituèl li nan kalfou'a. Li manjé nan kalfou'a. Epi li rantré lakày li.

Dépi lè'a, polémik fini antré deu club saa yo. Yo té rété byen ansanm pandan lontan. É chak ané sété menm rituel la. M'pa konn kijan sa yé antre yo kounyé laa.
 

Jean William GUILLAUME


NÉ AUX CAYES. 


PROFESSEUR DE FRANÇAIS, D'ANGLAIS, D'ESPAGNOL, DE LATIN ET D'HISTOIRE. PRÉFET DES ARRONDISSEMENTS DES CAYES ET DE PORT SALUT. SUPERVISEUR DÉPARTEMENTAL DU CEP DANS LE NORD OUEST( ÉLECTIONS…

Biographie