Lan mwa fevriye lane 2010, yon istoryèn yo rele Julia GAFFIELD ki te

ap prepare yon tèz doktora sou listwa peyi Ayiti ta pral fè yon kokenchenn

dekouvèt. Nan fouye Achiv Nasyonal peyi Langletè, li tonbe bab-pou-bab sou

yon dokiman ki te pase pou sèl grenn kopi orijinal daktilografye Ak

Lendepandans 1804 la. Natirèlman, dekouvèt sa a pral lakòz moun vin pote

plis atansyon sou dokiman sa a. Men anmenmtan tou, sou lavi 37 siyatè yo,

ansanm avèk kontribisyon yo chak te pote nan listwa peyi a.

Haïti : Extermination des Pères fondateurs et Pratiques d’exclusion

Lan mwa fevriye lane 2010, yon istoryèn yo rele Julia GAFFIELD ki te ap prepare yon tèz doktora sou listwa peyi Ayiti ta pral fè yon kokenchenn dekouvèt. Nan fouye Achiv Nasyonal peyi Langletè, li tonbe bab-pou-bab sou yon dokiman ki te pase pou sèl grenn kopi orijinal daktilografye Ak Lendepandans 1804 la.  Natirèlman, dekouvèt sa a pral lakòz moun vin pote plis atansyon sou dokiman sa a. Men anmenmtan tou, sou lavi 37 siyatè yo, ansanm avèk kontribisyon yo chak te pote nan listwa peyi a.

Nan yon brase lide sou katafal dekouvèt sa a ak yonn nan istoriyen ayisyen anpil moun konnen, Leslie Péan,  nou toulede vin remake  yon bagay brital. Kòmkwa, twaka jeneral ki te siyen gwo dokiman sila a te mouri kraze oswa nan kondisyon ki  sispèk anpil. 

Apre anpil refleksyon, mwen te deside retounen pou mwen rebat kat listwa sa a. Se konsa, mwen pral gonfle ponyèt mwen nan lane 2019 lan pou mwen rafrechi lizyè listwa peyi a. Se yon travay difisil anpil, men ki anmenmtan tèlman enteresan: travay rapouswiv pazapa tras chak nan 37 siyatè yo. Se konsa tou, mwen pral pran sezisman sou sezisman.

 

Lè m fèk gade lis 37 siyatè dokiman an,  ki fòme sa mwen rele « sèk 37  yo », mwen reyalize gen 10 ofisye ladan yo, moun pa wè vre kisa yo te pote kòm kontribisyon ni avan ni pendan ni apre  Lagè Lendepandans lan. Gwoup 10 sa yo, selon sa mwen jwenn apre kèk analiz, te plis la kòm ranplisay. Kidonk, moun ki pa gen anpil enpòtans pase sa epi ki pral mouri nan kabann yo. Tout sa mwen  te rete pou mwen fè, se te mete militè gwo-zepolèt yo anba vè loup mikwoskòp mwen; Jeneral an chèf, Dessalines ; Sekretè li, Boisrond Tonnerre, ki te siyen antanke sekretè-jeneral-an-chèf ; 6 lòt jeneral divizyon ; ak 12 jeneral brigad ki fè yon total 20 siyatè.  Met sou li, 5 adjidan jeneral ; ak de (2)   chèf brigad. E lè mwen  fin fè yon premye debleyay, mwen  kwaze avèk yon ekip kesyon ki pral simen latwoublay pi rèd  nan tèt mwen:

 

1) Augustin Clerveaux, ki te pran grad kòmandan-an-chèf lame a kòm ranplasan Dessalines, te mouri yon fason sispèk nan Dondon, nan mwa dawout 1805. Sa te rive 20 mwa apre siyati Ak Lendepandans lan.

2) Jean-Louis François, ki te monte jeneral divizyon an jiyè 1805, te jwenn yon lanmò dwòl tou nan Ansavo, jou ki te 10 mas 1806, sètadi 27 mwa apre Lendepandans.

3) Nicolas Geffrard mouri sibitman 31 dawout 1806, 32 mwa apre Lendepandans. Yon move siy pètèt! Se menm lè sa a Anperè a pral egzije pou Inginac, ki li menm te anchay kontabilite Leta a, voye ba li tout papye pèsonèl yo te jwenn nan biwo defen an. Anperè a te ap fouye zo nan kalalou!

4)  Jean-Jacques (Moreau) Herne, non batay li se Koko Herne, mouri anba bal nan Tòbèk, 16 oktòb 1806, yon mwa edmi apre lanmò Geffrard, yon jou anvan zak sasinay Anperè a. Pa te ko gen twa (3) lane apre siyati Ak Lendepandans lan. Tout evènman brital sa yo te parèt mwen byen dwòl !

5) Se konsa tou apre jou sa a, Dessalines te tonbe 17 oktòb nan Pon Wouj. Jeneral Gérin ak Jeneral Yayou te sou pon an kòm gwo manm konplo a. Chen manje chen an te deja kòmanse depi lontan!

6) Yo sasinen Boisrond Tonnerre nan prizon, kèk jou apre lanmò Dessalines. Zanmi kolèg li Jeneral Étienne Mentor te sibi menm sò a. Enben! Sa ki te pi rèd la, yo menm te fè konnen de (2) mesye sa yo te gentan lage Dessalines epi yo te al mache lan tout lari apre zak sasinaj lan ap rele : Viv libète !

7) Laurent Férou, ki te gate nan relasyon li avèk Dessalines, mouri Jeremi 16 janvye 1807. Bagay yo te deja makawon!

 8) Twa (3) jeneral mouri lan prizon oswa nan chanje kout zam ak twoup Pétion yo. Se Magloire Ambroise avèk menm Gérin epi Yayou nou te jwenn sou Pon Wouj la. Bwa a mare pi rèd!

9) Paul Romain li menm tonbe sou Boyer apre li te fin goumen pou seye ranplase Christophe.

10) Si nou konte lanmò sispèk Geffrard, sa fè kat (4) jeneral ki mouri anba pwazon dapre pawòl piman bouk ki te ap pale nan moman an. De (2) sou kont Dessalines (Geffrard ak Jean-Louis François, menm si yo pa janm rive pwouve sa) ; de (2) lezòt yo sou kont Christophe (Clerveaux ak Vernet), men verite a pa janm soti toutbon vre sou koze sa yo.  Tout bagay sa yo te parèt mwen pi dwòl toujou!

11) De (2) lòt jeneral (Capois ak Cangé), yo te touye yo sou zòd Christophe, menm jan sa te rive pou adjidan-jeneral Papaillier. Tèt chaje! 

12) Yon jeneral divizyon ki te vin monte kòm Wa (Henri Christophe) touye tèt li avèk yon bal lò. Sa se gwo zafè vre ! Tèt chaje pi rèd !

13) De (2) lòt jeneral tonbe anba men jistis mas popilè, jou ki te vin touswit apre Wa Christophe te fin touye tèt li. Se Jean Philippe Daut avèk frè li Toussaint Daut, ki gen non batay Toussaint Brave. Ki lè kabwèt madichon lanmò sa a pral kanpe?

14) Senk (5) pami diznèf (19) jeneral divizyon ak brigad yo te mouri kè pòpòz nan kabann yo (Gabart, Pétion, Férou, Bonnet ak Bazelais). Sa te sanble miyò, se vre, men, si nou dakò pou rakonte listwa peyi nou, fò nou ka chache konprann tou nan ki kondiksyon tout lòt yo te vole pou peyi san chapo.

15)  Nou te wè pou de (2) adjidan-jeneral Magny ak Roux sa te byen pase. Sa ki ban nou yon ti kal lespwa! Men nou remake, tou de (2) siyatè sa yo chita nan kategori mizisyen-palè, paka-pala ki la nan tout rejim oswa gouvènman ou jwenn toupatou nan lemonn!

16) Nou deja rive nan bout lis gwo siyatè yo. Dis (10) lezòt yo mouri nan kabann yo. Se te ranblè ki pa te deranje pèsonn. Sa pa chanje anyen nan premye enpresyon mwen.    

******                 

Lè mwen retounen sou dokiman an, mwen pran san mwen pou mwen rekòmanse li epi analize bagay yo an detay. Mwen kwaze avèk yon digdal kesyon ki poko janm jwenn repons. Se konsa mwen pral obsève yon bann mannigans dwòl, e mwen pral fè yon pil dekouvèt tèt anba. Pami kesyon ki te rete lontan san repons yo, te genyen: 

  1.  Kouman dokiman sa a te fè disparèt?
  2. Poukisa tout  moun sa yo, trannsèt (37) yo, te blije siyen Ak Lendepandans lan?
  3. Kisa Boisrond te vle di egzakteman lè li te ap pale de peyi kote nou te sòti nan vant manman nou an?   

Anpil zanmi ki li maniskri liv la repwoche mwen  deske mwen kanpe twòp sou koze peyi kote nou fèt la. San mwen  pa te gade si se pa yon senp pawòl chèlbè byen sonnen. Mwen te kapab admèt posibilite sa a vre, men mwen rete kwè lè w ap ekri Ak Lendepandans yon peyi, se pa lemoman pou w fè fantezi atis avèk estil bwòdè moun save.

Nan pami obsèvasyon mannigans dwòl kase fèy kouvri sa, nou dwe konsidere: Absans rebèl kit se kongo yo, kit se afriken yo an jeneral nan moman seyans siyati Ak la. Se menm jan yo te fè silans sou patisipasyon yo nan Lagè a. Yon lòt kout gidon malveyan pral fè nou wè kijan yo te bliye fanm vanyan sòlda yo, alòske yo te parèt aklè nan tout dewoulman batay yo. Pa te genyen nonplis okenn vèsyon an kreyòl pou premye dokiman peyi a, alòske pwoklamasyon ki te enpòtan epòk koloni an, yo te konn pibliye yo nan de lang nasyonal yo. 

Ki premye rejim politik peyi a te chwazi? Sa a se yon pwoblèm ki frape nan figi w kou w kòmanse li Ak Lendepandans lan. Charéron te mande pou yon demokrasi tankou lakay meriken. Boisrond Tonnerre li menm, ki te konseye yo te plis koute lan moman an, li te prefere enstale machin lagè ki ta pral vin tounen pouvwa Jacques 1er a, an 1805. Epi apre, w ap jwenn rejim despòt Roi Henri 1er. Kanta pou repiblik Pétion an, se non an sèlman li te pote, sitou apre envansyon prezidans avi a. 

Lè mwen rive la, mwen vin sètoblije rete anpil sou chwa premye rejim politik peyi a, yon pawòl ki gen rapò avèk sa ki gen anndan Ak Lendepandans lan, ansanm avèk ton Boisrond te chwazi ekri li a. Kidonk, se sa ki pral  fasilite esplikasyon kalite lanmò terib prinsipal siyatè yo. Nan Chapit 1 Liv la, ki rele « Yon koze pou nou klarifye anvan nou kòmanse ekri », mwen makònen ansanm twa (3) eleman kle nou fèk pale yo. 

Lè mwen fin reflechi konsa, mwen te kapab rantre nan nannan kesyon an, pou konsidere lanmò sispèk Clerveaux ak Geffrard, egzekisyon jeneral Herne, zak sasinay Dessalines, rive nan pèlen Fose Limonad lan, kote Capois-la-Mort te pèdi lavi li, elatrye.  Mwen vire tounen yon lòt jan sou pawòl sa a lè mwen sonje gen anpil koze lektè a ka bliye. Poutan, yo  makònen nan desten terib Pè fondatè yo avèk kèk evènman peryòd kolonyal la. Se sa ki esplike pati nan liv la ki gen rapò ak gwo moman batay ki te fèt apre 1789, tankou Zafè Galbaud, Zafè Moyse oswa Lagè nan Sid la.  

.  

Etan mwen  te ap pouse pou pi devan, mwen vin santi nesesite pou mwen reflechi san paspouki sou yon seri kesyon difisil anpil, tankou:  

  1. Konfyans ou ta dwe fè sous enfòmasyon istorik yo;
  2. Ki lentensyon kache ki fè chèchè yo, volontèman oswa envolontèman, tenyen yon seri evènman nan silans oswa poukisa yo bliye evènman sa yo; 
  3. Ki jan pou sove memwa yon pèp epi pou konstri yon idantite nasyonal; 
  4. Kantite lagè Ayiti te oblije fè youn apre lòt oswa ansanm, soti nan  enzireksyon jeneral 1791 nan pou rive nan batay Vertières. 

Pandan mwen  t ap kontinye vanse, mwen panse mwen ta dwe voye ochan pou fanm ak gason vanyan istoryen iyore-konnen osinon bliye, soti nan paj 154 rive nan paj 178. Lè mwen tap seye marye tout pil bagay sa yo ansanm pou fè yon sèl, sa ki te ka gen sans pou wè yo menm jan, mwen te vin bezwen mete yo nan yon sistèm referans klè, san okenn lide pèsonèl epi san mwen pa kite anyen dèyè. Se konsa mwen rive konstwi Chapit 3 a. Mwen mete nan menm chapit sa a, yon pati ki pale de plizyè lagè ki te fèt an menm tan nan Sendomeng pandan peryòd kenz lane, istoryen etranje yo dakò pou yo rele Revolisyon Ayisyèn nan. Mwen te sèvi anpil, pou mwen ekri bout sa a, avèk yon liv ansyen prezidan dominiken an Juan Bosch te ekri sou sijè a. Mwen mete tou, nan chapit sa a, yon rapèl sou gwo evènman ki fòme Lagè Lendepandans lan.

 Lè mwen rive fini premye travay sa a, mwen te vin kapab chita sou sijè prensipal liv la, ki se lanmò terib pi gwo siyatè yo. Moun ki prese, ki vle konnen touswit sò Pè Fondatè yo te bay konpayon frè-zam yo, mwen ankouraje yo janbe dirèkteman lan Liv III. Nan pale ak lektè mwen yo, mwen aprann tou, pi fò ladan yo pa li liv mwen yo depi premye paj lan. Genyen ki louvri yo san gade e ki kòmanse li premye paj ki tonbe sou je yo a. Gen de lòt ki di mwen yo kòmanse nan yon paj ki chaje ak foto yo renmen, oswa nan yon chapit ki pi enterese yo. Tanpri souple, mwen pa genyen okenn pàn avèk sa. Fè sa nou pi pito. Tout moun sa yo, mwen di yo Bòn lekti !

 

ORYANTASYON JENERAL LIV LA

 Nan yon peyi kote konspirasyon, kase fèy kouvri sa se yon pratik ki egziste depi digdantan, kote konsiderasyon nasyonalis toujou  pi fò  pase reyalite istorik, li pi fasil pou yon moun deja jije, epi deklare liv sa a ap apiye moun ki toujou ap kritike Nasyon an. Mwen pa pral goumen kont seri akizasyon sa yo. Lè mwen blayi kò mwen nan egzamen konsyans sa a, yon bagay istoryen yo toujou voye pou demen, mwen byen konnen mwen pa ap  naje nan menm sans avèk kouran an.  Men, se avèk lakonviksyon ke travay sa a ap itil peyi a wèpawè. Se deja yon gwo satisfaksyon pou mwen.  

Nou kapab di tou sou kesyon sa a, chak fwa yon istoryen ayisyen fè radiyès pote yon ti zwit jijman kritik sou gwo potorik ewo sakre listwa nou yo oswa sou sosyete nou an, yo ba li tout kalite defo. Konsa, se pa yon aza ni san rezon si, an jeneral, se toujou yon chèchè etranje ki pral devwale enfòmasyon ki pa bèl sou ewo nou yo. Gen plizyè eksepsyon, men se sitou chèchè etranje sa yo ki ka kritike kòm sa dwa sèten sistèm valè sosyete nou an.  

Se menm jan an pou antwopològ ak lòt chèchè ki rete nan peyi a e ki gen lodas, kouraj ak lespri laj toutbon vre pou yo foure nan travay yo eleman istwa oral ki te rete nan men sa yo rele sosyete sekrèt oswa sosyete sakre yo, selon pawòl defen Ati nasyonal Max Beauvoir. Li vreman enpòtan pou nou rekonsilye istwa ofisyèl-ekri peyi a, ki nan liv klasik ak dokiman achiv, avèk tout sa tradisyon oral la pote. Kòm pi fò chèchè ki kanpe sou tradisyon sa a se vodouyizan, kritik malpalan pito ba yo non wangatè. Otè sa yo gen anpil chimen pou yo fè toujou anvan yo ka rive enpoze valè yo kòm moun ki ap fè yon travay serye nan zafè konsèvasyon ak pwotèksyon kilti nou an. 

Pwoblèm sa a se yon sitiyasyon ki alanvè nèt, paske Dessalines limenm te antre depi lontan nan panteyon vodou a, sou non Ogou Desalin. Milo Rigaud te deja pale pawòl sa a an 1953 nan La tradition voudoo et le voudoo haïtien, son temple, ses mystères, sa magie (Tradisyon vodou ak vodou ayisyen, peristil, mistè ak senp yo), e non sa a te parèt nan plis pase ven etid antropolojik. Jounen jodi a, se manm sosyete sekrèt peyi a ki ap mete tout fòs yo nan batay la pou montre ki plas vodou a te okipe nan lavi Jean-Jacques Dessalines.

Nan jounen 17 oktòb 2012, pandan kominote vodou a te ape komemore angran, sou prezidans Max Beauvoir, 206èm anivèsè Anperè a, yo te konsakre li kòm « Premye Oungan » peyi a. Sa te pase sou Channmas, nan Pòtoprens, sou Plas Dessalines egzakteman. Twa (3) zan apre, an 2015, adèp kouran antropolojik yo te pèdi yon gwo sipò nan lanmò Ati Max Beauvoir. Men, Fakilte Etnoloji avèk anpil lòt chèchè kontinye travay konsyantizasyon ak verifikasyon evennman istorik la jan kouran Ati a te kòmanse li a. 

 Lè Gabriel Debien an 1977, annapre Jacques de Cauna an 2012, te ap di byen fò Dessalines te esklav sou zòd Toussaint, se te yon gwo bonm ki te lage nan peyi a. Yon revelasyon ki te kanmenm provoke mwens palab pase si se Ayisyen ki te vin ak koze a. 

 Se te menm jan pou piblikasyon liv chòk Gérard Barthélemy an Le pays en dehors (Peyi andeyò) ki te souke sosyete ayisyèn nan jis nan zo. Liv sa a soti nan yon moman  peyi a pa te ko  byen konprann opozisyon radikal ant esklav bosal yo, ki te fèt an Afrik, avèk esklav kreyòl yo, ki yo menm te fèt Sendomeng. Entelijennsya a te menm bay Gérard Barthélémy yon bèl akèy. E liv li a vin tounen yon gid nan domèn nan. Yon ekriven tankou Jean-Claude Fignolé te menm konsidere obsèvasyon epi konklizyon otè a tankou de « lide jenyal ». Istoryen Jean Fouchard limenm te ekri kareman nan do liv lan, se « yon analiz byen kanpe ki pral chavire tout kontradiksyon ». 

Kontrèman ak travay majorite chèchè ayisyen yo, kote tout bagay chita pi fò sou zèv klasik Thomas Madiou, Beaubrun ak Céligny Ardouin, Saint-Rémy, elatrye, istoryen etranje yo avèk istoryen ayisyen ki ap viv aletranje tankou Claude ak Marcel B. Auguste, Leslie Péan, Vertus Saint-Louis, elatriye, al fè rechèch nan achiv Lafrans, Langletè ak Etazini. Yo pral fè youn apre lòt yon bann gwo dekouvèt tèt chaje. Pou di laverite, yo pa sou lobedyans vye lide ki deja fèt ni sou presyon moral ki kapab antrave rechèch laverite anndan peyi a. Nan sans sa a, yo kontribye pi plis nan fè konprann fenomèn istorik ayisyen an, pase yon bann istoryen anndan ki rete bloke anba pozisyon nasyonalis ak paspouki politik.

Lè Laënnec Hurbon ekri ke 16 pami 24 prèt ki te tabli nan Nò peyi a, pami yo Pè Philémon, te patisipe nan òganizasyon seremoni Bwa Kayiman an, kote yo bay Boukmann tout glwa a, li di yon verite tout istoryen konnen, men yo pa pale sa. Tout moun konnen tou, yo te koupe epi espoze tèt pè sa a sou plas Okap, tou pre tèt Boukmann. Poukisa istoryen nou yo prèske pa janm ekri sa? Nou ap jwenn yon bann esplikasyon sou sijè a nan tèz doktora Jean Ronald Augustin ki gen tit Mémoires de l’esclavage (Memwa lesklavaj).

Otè ayisyen yo sibi gwo presyon lè yo ap chèche laverite istorik la avèk lè yo ap denonse defo ansyen sa yo. Se bagay pèp la aksepte pi fasilman lè se yon etranje ki lage li. Fò nou toujou gen  de (2) reyalite sa yo  nan tèt nou, pandan nou ap li liv sa a  mwen ekri san okenn paspouki ni konplezans. Nan lespwa pou nou dekouvri vre figi ewo nou yo, menm si  nou gen pakèt lòt rezon pou nou venere yo. 

Epitou, mwen rete konvenki, pou nou konprann pwoblèm jounen jodi a  e pou nou ka fè yon dyagnostik reyalis nan tout dram sosyete ayisyèn nan ap sibi jodi a, fò nou gen kouraj revizite pase nou san paspouki e san prejije ni nan yon sans ni nan yon lòt. Espesyalman nan sa ki gen rapò ak zansèt nou yo. 

Se defi sa a mwen ap atake jodi a san mwen pa menm konsidere ki chans mwen genyen pou mwen reyisi. Mwen gen lakonviksyon ke mwen  ap jwenn nan menm kan avèk mwen prèske tout moun ki panse nou dwe aprann gade tèt nou san pasyon. San konplezans, san lawontèz, nan gwo glas listwa a, pou nou ka dekouvri veritab figi tèt pèp nou an. Anpitou anvan nou deside si wi oswa non, nou pa bezwen yon gwo operasyon chiriji plastik.

  Pou sa ki gen rapò ak tout liv istwa mwen li pou mwen ekri liv sa a, mwen pa fè okenn chwa avèk preferans ideyolojik oswa solidarite politik, rejyonal oswa kenpòt lòt. Mwen chwazi sèlman, pami sous, mwen  te ka jwenn, tout sa ki te kouvri peryòd istorik la, si yo te sanble anpil ak laverite e sitou si lòt sous kredib konfime yo. Osinon, mwen site yo tou pou mwen konpare yo ansanm avèk lòt sous ki pa tonbe daplon avèk yo.  

Mwen pa ta ka pretann regle okenn nan gran mistè ki genyen nan kèk evènman peryòd mwen etidye yo. Paregzanp, dat egzat lanmò Capois, ki si enpòtan pou moun konprann konpòtman Henri Christophe, toujou pa klè pou mwen. E sou yon lòt kesyon ki enpòtan anpil tou, nesesite inite kòmandman Lame endijèn lan  nan lane 1803, mwen poko gen yon repons definitif nonplis. Mwen kontinye pataje menm opinyon istoryèn meriken-kanadyèn Carolyn E. Fick te ekri an 2003, nan Dictionnaire historique de la révolution haïtienne (1789-1804) (Diksyonè istorik revolisyon ayisyèn nan (1789-1804), se yon lide ki « merite toujou anpil anpil travay sou li) (paj 204). Apre piblikasyon liv sa a, Carolyn Fick te simen anpil dout sou nesesite batay sovaj jeneral kreyòl yo te mennen kont chèf bosal yo; tankou tou sou rezon ki lakòz Toussaint te fè fiziye pwòp neve li Jeneral Moyse (Haiti naissance d’une nation,  paj 432-435). Sou pwen sa yo, mwen dakò nèt avèk Carolyn Fick. 

An menm tan, mwen te estomake lè mwen te ap reli detwa paj liv François Duvalier ak Lorimer Denis sou sijè sa a. Kote de (2) teyorisyen nwaris sa yo te tire ak yon laraj ki pa akseptab sou premye chèf kongo yo. Lè yo fin avili jeneral Moyse pou « entranzijans li », Charles Belair pou « anbisyon li ak enpasyans li », yo rapòte nan Le problème des classes sociales à travers l’histoire d’Haïti (Pwoblèm klas sosyal nan listwa peyi Ayiti), paj 73 : 

« E kisa pou nou di sou tout kongo sa yo, yon bann fòs anachi ak dezòd: Lamour Dérance, Macaya, Ti-Noël Prieur, etc., yo te vin sètoblije « blanchi » [se nou ki mete tèks sa yo an gra] pou zèv Lendepandans nasyonal la te ka posib. Men se malere sa, te gen lòt kongo ki pa te ezite al bay lame fransèz la jarèt pou kraze pwòp frè yo ki te ap lite pou jwenn diyite moun. » 

 

Lè nou konsidere, pawòl sa yo sot nan bouch de (2) teyorisyen nwaris nasyonalis tèt kale, nou ka konprann poukisa « dirijan kreyòl »  yo pa te janm  konbat lide sa yo e poukisa sa pa janm chanje non plis. Epitou, gade ki mo de (2) otè sa yo chwazi, alòske gen yonn ladan yo ki te gen anbisyon politik! Epi ankò « blanchi », nan sans touye, tradui pou kont li entranzijans diktatè demen an ki ta pral deklare li se sèl pwotektè pòt-pawòl sila yo sosyete nou an pa bay okenn chans. DEMASKE W! 

 

Rechèch ap kontinye, opinyon yo ap evolye. Amezi gen nouvèl done ki ap vin chanje, detwi oswa konfime plizyè nan konklizyon aktyèl yo. Nan sans sa a, nou dwe souliye enpòtans kontribisyon kouran jeneyaloji a pote nan rektifikasyon yon bann enfòmasyon tèt chat yo te aksepte jouk  jounen jodi a san okenn verifikasyon. Paregzanp, chèchè tankou Peter Frisch, Gaétan Mentor, Jean-Édouard Stam ak Patrick Tardieu vin ede mwen korije de (2) gwo erè istoryografi aysyèn nan, yonn sou siyatè Malet (paj 359), lòt lan sou Pierre Roux (paj 365). 

Mwen pa ta kontan fini san mwen pa di de (2) ti mo sou sans kritik ak endepandans lespri aklè chèchè ki rete nan peyi a tankou Michel Soukar, Georges Michel, Roger Petit-Frère, Olsen Jean Julien, elatriye. Yo pote anpil bagay nan dènye dizan sa yo pou wete lasi nan je jenerasyon ki ap vini yo, anpi pou klarifye yon ekip kesyon degrenngòch nan listwa peyi nou an.

Pou mwen fini, mwen ap envite istoryen ak lektè yo kontinye fè rechèch dri pou ranmase tout ti moso gwo tablo Listwa a. Pou yo bay tradisyon oral la ki sere anpil ti koze toujou tout enpòtans li merite. Ekzèsis danjere nou ap fè la a kab sèvi pou montre detwa chimen etan nou ap konstwi pon sou dizèn ak dizèn entèpretasyon istorik ki twò souvan gen paspouki, oswa pa gen anyen pou yo wè avèk reyalite a. 

Nan lide pou evite akizasyon ki pa fonde avèk tout kalte move entèpretasyon, mwen ta vle pote la a yon presizyon impòtan. Mwen ekri liv sa a pou mwen te seye tou piti bay eksplikasyon aklè sou dram epizòd yo te bliye oswa yo pa te byen konnen nan listwa nou. Liv sa a pa gen okenn lòt anbisyon pase mete nan men lektè a enfòmasyon ki sot nan yon pakèt sous diferan, menm si li difisil osnon enposib pou yon moun  toujou rive jwenn yon ekilib ladan yo. Liv sa a se yon premye ti goute, yon amòs, yon ti bourad, pou ting-ting chèchè yo. Pou ankouraje yo kontinye bon travay yo, pou pouse yo ale fouye tout sijè nou blayi nan paj liv sa a.

 

 

 

Tradiktè : Jean Robert Alexandre*

 

A propos de

Eddy Cavé

Eddy Cavé est un écrivain haïtiano-canadien qui s’est établi à Ottawa en 1971 après un début de carrière à la banque centrale d’Haïti et des études en droit, en banque, en affaires internationales et en statistiques économiques. Mettant à profit sa formation  multidiscip…

Biographie