Paske li se timoun andeyò a

Fòk li toujou leve bonè ?

Fòk dòmil fèt atè ?

 

Kòmsi dire, 
Paske li se timoun andeyò a
Fòk li toujou leve bonè ?
Fòk dòmil fèt atè ?
Fòk lal lekòl aswè ?
Fòk nan klas la
Se li k pi gran ?
Dim non si andeyò pa nan listwa,
Epi dim non kote andeyò kòmanse
Montrem kotel fini
Dim kilès ki zansèt yo,
Ki koulè drapo yo,
Alòs, pase se moun andeyò a,
Se pouw bal manti poul votew ?
Chak eleksyon fò wal bal pousyè machin?
Epi, lèw fin bon,
Ou palel kotel poul jwenn ou ?
Ou pale pou li ?
Ou mete pwoblèm li nan gwo kabare a ?
Sa ki pa anba pye sablye a ?
Ou vire je gadel ?
Ou sonje gen yon lè ou te bò kotel ?
Ou pa bite lè wap pilonnen lespwal ?
Kèw pa kase 
Chak fwa zèklè chire syèl la ?
Chak fwa loraj gwonde
Ou pa kache pou lafoud di syèl
Pa reklame tèt ou ?
Lè wap pase bò lanmè,
Ou pa gen la perèz
Pou Agwetawoyo pa lonje men pranw ?
Peze kouw anba dlo ?
Ou pa santiw fè dekwa
Pou zosman zansèt nou yo ta pouse chè
Pou yo ta leve mandew pouki ?
Pouki wap fè tòtòt 
Ak sa pèp la metew jere a ?
Pouki wap fèl plede bat bravo dèyè sa ?
Epi, lè bravo saa tounen chalbare,
Ou vle bal non pote
Kòm si ou vle di-l engra
Ou vle fè kwè li se sanzave
Dim non, gen avadra pasew ?
Gen je chèch pasew ?
Gen tilolit pasew ?
Menm anba levit ou a
Ou gen sant move zafè
Yon kòd pit
Ta pi ale nan kouw 
Ke bèl kravat saa
Apaw sezi,
Se pa vre ?
Kòm siw pa tande yo di sa
Epi, ou di sa pouw fè pou sa
Sa te toujou konsa
Ou pa vin chanje sa
Apa li papa,
Ou pa menm konn pouki ou la
Men ou la,
Ou la ak tout bann parèy ou yo
Nou pa kite anyen pase,
Lajan pwason se nou
Lajan Petro, se nou
Depi yap pale de awousa
Nou poko janm wè konsa
Woyyyy, yon bann ak yon pakèt
Ki mare sosis yo ak mouche leta
Pou yo fè tout sak pasa
Anba pwela iminite ak tout enpinité
Men, yon jou,
Ki ap gen bri ak kont,
Andeyò ap pran deyò pou yo
Yap di men yo,
Yap awoyo
Tankou fanm ki kase lezo
Ki anba yon tranche cho
Andeyò ap dyaye
Ak lanbi, ak vaksin
Andeyò ap mache sou yo
Andeyò ap mache sou nou,
Andeyo ap mache pran nou!
 

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie