Eskè w sonje lè m pa t ka gade w nan je,

Lè m te fèk damou, nèg sou katye a t ap di: « Edgy mache pran DCdam ou. »

Eskè w sonje lè m pa t ka gade w nan je,
Lè m te fèk damou, nèg sou katye a t ap di: « Edgy mache pran dam ou. »
M t oblije ap veye manman w pou m te ka ba w tizye dou,
Cheri doudou.

Lè sa m pran poz m vin achte sapibon.
Si pa t genyen pou m te ka fè plis tan m mande bonbon.
Tout sa pou m te ka pase plis tan kote w,
Pèdi tan m admire bote w.

Cheri ou se yon trezò.
Poutèt ou menm, pou w pa janm kwaze m sal, m oblije bòzò !
Lanmou sa fè m twò tizè.
M pa nwi seren bat mwen sou tèt kay la, pou m ap veye w blòk dizè.

Cheri ou fè m fou
Pat mwen pare mete m nan fou
Ou rechofe anba ti vant mwen
M tankou foumi fou, m pa ka ret nan kwen.

M pa ta vle pou lanmou sa yo sapata w !
Souple, kite m pran devan pou m al kot papa w.
Manmi w se afè pa w,
M konnen w ka pale avè l pou sa pa fè lakataw.

Cheri m gentan fè yon paryaj.
Wi sou maryaj,
M swete w pa kite m,
Paske m pa gen lapriyè pou lanmou sa k ap pèsekite m.

 

 

Photo courtoisie : Yole Claudia Candio