Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl jedi 7 oktòb 2021 an , anba tèm << lang kreyòl tout kote, San fòs kote.>> Seremoni sila dewoule nan biwo ministè kilti ak kominikasyon, an prezans minis kilti ak kominikasyony an mesye Jean Emmanuel Jaquet. Pou mwa sila, AKA prevwa òganize anpil aktivite men majorite aktivite yo ap fè sou entènèt (zoom).
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl jedi 7 oktòb 2021 an , anba tèm << lang kreyòl tout kote, San fòs kote.>> Seremoni sila dewoule nan biwo ministè kilti ak kominikasyon, an prezans minis kilti ak kominikasyony an mesye Jean Emmanuel Jaquet. Pou mwa sila, AKA prevwa òganize anpil aktivite men majorite aktivite yo ap fè sou entènèt (zoom).
ak kilti kreyòl. Selebre jounen modyal lang ak kilti kreyòl la se youn nan okazyon pou fè travay sila a. Pou ane 2021 an, AKA kole tèt ansanm ak ministè kiti ak kominikasyon pou mwa kreyòl ayisyen an gen yon dimansyon nasyonal. Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la se 28 oktòb men AKA pran mwa oktòb la antye pou yo fete lang sila. Daprè sekretè jeneral konsèy administratif AKA a, Rogeda Dorcé Dorcil ,aktivivite selebrasyon lang kreyòl la ap reyalize sou de (2) fòm : entènèt ak prezansyèl yon mannyè pou plis moun ka patisipe.
Sekretè jeneral konsèy administratif aka kite pote mesaj akademi an fè konnen devlopman yon sosyete se pa yon bagay ki sot nan syèl ni yon kado. « Devlopman ak pwogrè yon sosyete, pa rezilta yon kout chans, se yon operasyon rasyonèl byen reflechi.
Yon operasyon ki chita sou valorizasyon moun ak resous tout kalite ki donnen nan sosyete sitou eritaj zansèt nou yo kite pou nou. Valorize moun vle di asire entegrasyon sosyal chak sitwayen san fèmen je sou idandite l, sou kilti l , sou lang li. Lang kreyòl la se kolòn vètebral idantite nou kòm pèp. » se deklarasyon mesye Dorcil. Li ale pi lwen poul di « neglije lang kreyòl la nan lekòl, nan inivèsite, nan enstitisyon yo ak lòt espas pwodiksyon konesans se travay kont devlopman lang kreyòl la, se limite aksyon lang lan nan domèn syantifik. ». AKA voye yon mesaj espesyal bay tout anbasad ak reprezantansyon diplomatik Ayiti nan lòt peyi pou yo kreye plis espas pou lang kreyòl nan dokiman ofisyèl yo ak dokiman administratif yo.
Bò kote pa minis kilti ak kominisyon an mesye Jean Emmanuel Jaquet, li bat bravo lakontantman pou tout akademisyen yo pou travay yo fè nan lang kreyòl lan malgre se ak bout zong yo yap travay el li di lang kreyòl nou pale nou menm ayisyen se yon rezilta yon pakèt bagay. « se yon zouti kominikasyon ant nou menm esklav nan tan lakoloni. Zouti sa te pèmèt nou youn konprann lòt , nou youn solidè ak lòt, nou youn planifye ak lòt pou nou rive kase chèn lesklavaj e batay sa pa fini , li gen pou l fini sèlman lè tout ayisyen kèlkeswa kote yo sòti ,kèlkeswa koulè yo ak relijyon yo pran konsyans yo tout sanble, tout gen menm istwa menm idantite konsa yo tout dwe pale youn ak lòt nan lang manman yo san diskriminasyon, san konplèks pou angaje batay pou sòti peyi a nan tchouboum toutan. » se minis kilti ak kominisyon an kap pale. Pou li menm, lang kreyòl la pa dwe rete nan repete pwovèb chak jounen entènasyonal lang lan , sa dwe ale pi lwen paske lang kreyòl la ban nou anpil valè pozitif ki ka ede nou vanse « men anpil Chay pa lou, pititi fè pil ,yon sèl dwèt pa manje kalalou. » pou minis lan se mòd pwovèb sa yo peyi a bezwen tande jiskaske nou tout pran konsyans .
Malgre gwo Jefò AKA ap fè pou klenwonnen lang kreyòl la, yo pa inyore gen kèk lekòl kap fè wondonmon ki derefize admèt kreyòl kòm lang ansèyman. Sonje nan atik 5 manman lwa peyi a li di « sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm , se kreyòl". Èske akademi kreyòl ayisyen an gen sanksyon li ka pran kont lekòl ki derefize fè ansèyman nan lang kreyòl la ?