Ou fè m anvi manje kann

Ou fè m anvi ret nan kabann,

Ou fè m anvi manje kann
Ou fè m anvi ret nan kabann,
Ou fè m yon ti jan frèt,
M ta vlope tout kò m nèt

M anvi rete nan chanm
Pou m ka chofe ti san m,
Rete kouvri anba dra,
Plotonnen nan mitan bra.

Men se sèl ti te jenjanm
Ki ban m ti chalè nan janm.
Bon lodè te sitwonèl
Fè m pran sant lavi ki bèl.

Ti flè yo santi fredi:
Yo pa jwenn solèy midi.
Menm kè pa m te ka glase
Si l pa t jwenn lanmou w ase!