Yo toujou ap di viv an Ayiti pa fasil

Men tou anpil di yo pap bay Ayiti pou okenn lot peyi

 

Yo toujou ap di viv an Ayiti pa fasil
Men tou anpil di yo pap bay Ayiti pou okenn lot peyi
Chak Ayisyen gen yo fason espesyal yo renmen peyi yo
Genyen se manje nou yo, ti tontonm kalalou, ti diri ak lalo, couscous, tchaka 
Genyen se pou plaj nou yo, pou solèy la
Pou kèk lòt se pou jazz yo, ti twoubadou yo
Pou plizyè lòt se pou Fanm kreyòl nou yo
Nan sa ke nou obsève, jènjan nou yo pran tout sa yo ka jwenn pou fèl fè pwezi
Tout sa yo se sa peyim genyen ki idantifyel

Menm si bagay yo vinn chanje gen de sèn se sèl Ayiti pouw viv yo
E wap toujou ka wè sa nan preske tout zòn ou pase yo 
Tankou, leswa pouw jwenn machann kann nan kafou,
Wap wè tou lajounen madan sara yo kap cheche kote dlo a koule pi fre,
Se kote tout zouti ka travay tou, pa egzanp,
Machann ak chèz andikape kap vann bweson,
Ti woch, ti adoken kap sevi fwen pou kamyonèt
Se kote ki gen tout opsyon, yo pa pè kreye pou yo ka jwenn sa yo bezwen an
Plezi jounen yo se lè machann yo nan lari ap rele
Ze bouyi figmi, wayal, ladouskivyen kenèp, bougonnen, labapen bouyi,
doukounou, bon siwo, konparèt... ak on pil lot ankò
Se tout yon plezi pou timoun yo ap repete ak ni son ni imaj

Ayiti sonw peyi ki chaje riches,
Souvan yo di depiw ka viv Ayiti wap ka viv nenpot lot kote
An reyalite se pa Selman paske pa gen sekirite
Yo konn di batiste nou fèt an fè, se paske nou sonw pep ki gen fyèl
Nou pa pè batay pou yon demen miyo, 
Nou tout ta vle avni pitit nou asire 
Lavi an Ayiti frajilize, lew soti ou pa konn siw wap antre 
Malgre sa nou pa kache anndan kay
Paske fok nou lite pou nou viv
Lavi an Ayiti mande pouw gen tolerans
Paske si e pa sa anpil moun tap few fè krim
Lavi an Ayiti fè nou konprann ke lè yon moun pa fou pran lari
Sèke kouraj li li potel sou tèt li poul jwenn bout wout li
Lavi nan peyim sonw kou dous on cho
Sa ki sèten se ke si nou te libere chèn esclavaj yo yon fwa
Nap ka libere lespri nou ak chèn ki marel yo tou
Se espwa nou, yon jou nou va wè klè
Yon jou na va rive jwenn bout konba nou an.