Mwen dòmi mwen pa vle leve

Mwen pa vle rankontre ak solèy la

 

Mwen dòmi mwen pa vle leve
Mwen pa vle rankontre ak solèy la
Ki ap boule maleng lavi a banm
Ki refize geri

Mwen dòmi mwen pa vle leve
Mwen pa vle manman latè 
Santi doulè zantray pitit li
Nan pwomennen pye atè 

Mwen dòmi mwen pa vle leve
Mwen pa vle pran sant flè 
Ki sèvim fwèt le mwen di non 
Ki levem’ frapem’ atè

Mwen dòmi mwen pa vle leve 
Mwen pa vle la sosyete wèm’
Pou yo pa fouye zo nan kalaloum’ 
Poum’ pa kontinye bay manti, fè sanblan

Mwen dòmi mwen pa vle leve
Paske se dra ki refochem’
Paske se zòrye ki konnen gou kriyem’ 
Paske se matla ki toujou pranm nan bral’ 
Paske se la mwen vle rete
 

Randy C. Pierre-Louis est  mariée et a une petite fille d’un an, est née à Port-au-Prince en 1991 mais pour des raisons personnelles, sa famille avait déménagé aux Cayes en 2000. Elle a fait ses études primaires chez les Soeurs de La Providence et les frères Odile Joseph…

Biographie