Dessalines te di « Koupe tèt/ Boule kay », pou li te voye yon mesaj klè bay sila yo ki te rete ak lide pou retounen nou nan esklavaj. Apre « libète ou lanmò », se yon pawòl ki te voye yon pinga klè a tout move je kolonyalis ki pat aksepte lendepandans nou.

 

Dessalines te di « Koupe tèt/ Boule kay », pou li te voye yon mesaj klè bay sila yo ki te rete ak lide pou retounen nou nan esklavaj. Apre « libète ou lanmò », se yon pawòl ki te voye yon pinga klè a tout move je kolonyalis ki pat aksepte lendepandans nou.

Koupe tèt/boule kay pou di, nou pap jwe ak libète nou. Se lenjistis, krim ak abi yo te fè nou lè yo te mete nou nan esklavaj, e si apre nou fin goumen jiskas ke nou rive jwenn libète nou, gen moun ki wè li pa sanble nou, nou pap ka gen okenn tolerans pou moun sa yo. Se yon koze klè, ki san kòd, ki pale ak mechan yo pou di jwèt la fini. Nou gen min nan fontenn nou, nou bonbe lestomak nou, nou sere machwa nou, nou pap fè bak, chapo n vire nan tèt nou, dyòl nou lonje disèt longè, siw pa dakò, saw pran se paw, nou pa reskonsab. 

Lè nou ale nan nannan koze « Koupe tèt Boule Kay la », nou jwenn yon latriye mesaj ki enspire nou e ki soufle van sou ti flanm Lwijanboje lakay nou, lè yo soti pou tenyen li :

  ♦ Se yon pawòl ki envite nou kenbe diyite nou byen wo, pou nou pa janm bese tèt douvan pèsonn. Nou se premye pèp nwa. Nou te batay jouk nou rive pran libète nou e nou paka kite pèsonn vin betize ak sa.

  ♦ Se yon pawòl ki fè nou sonje kote nou soti, ki moun nou ye. Li konekte nou ak idantite nou, ak tout sa nou reprezante kòm senbòl rezistans ak viktwa pou pèp nwa ak tout minorite ke yo kontinye ap toupizi nan mond lan. 

  ♦ Se yon pawòl ki fè move je ki kwè nan sistèm eksplwatsasyon pa santi yo alèz. Paske yon konnen li vle di yo « men kwa manmanw, men kwa papaw, vin pilel si w kapab ».

  ♦ Se yon kout alevouzan, pou tout swadizan enperyalis dyòl dous ki konprann nou ta dwe rete restavèk yo vitam etènam.

  ♦ Se yon « tonnè boule » san litarati pou di nou pa pè pèpap, kit ou pran tèt ou pou zotobre, kit ou se ti tyoul kay ki vann nanm ou pou degouden.

  ♦ Se yon palavire san komokyèl pou di fènwa lesklavaj la pa dwe janm tabli ankò depi lè nou te fin demanti koze siperyorite nan mitan ras yo sou latè. 

  ♦ Se yon krich dlo nou kraze dèyè tout move zè ki ta vle fè nou kwè esklavaj la sanble ak nou. Nou di non, nou frape pye nou atè, nou bat chalbari dèyè yo. Nou pap janm konsa ankò, se ra, se ta, « twa fwa pase la, se la dèdye ki rete la ».

  ♦ Se yon pikan kwenna byen monte pou sanzave ki pa sispann bave sou ideyal nou kòm premye pèp nwa. Nou bite, nou rebite, men nou pap tonbe plat.

  ♦ Se yon koupe fache ak tout kout mal taye pou ta fè nou manje bliye. Non, san zansèt nou yo paka koule pou gran mesi. Nou dwe defann listwa nou. Nou pa pitimi san gadò, memwa ak lespri zansèt nou yo se fòs nou nan konba nap kontinye mennen pou jistis triyonfe. 

  ♦ Se yon lanbi rasanbleman pou nou mete fòs nou ansanm pou nou travèse vye pas dlo jouk nou rive bati yon sosyete san fòs kote.

Koupe tèt/Boule kay tout vye fòs antravè, tout vye lide degrenn gòch, ki vle mare lespri nou pou nou pa vanse ; tout mouvman enperyalis pachiman ki vle nou rete nan mawon tout vi nou, lè yap denigre kilti nou ak listwa nou ; tout vye van divizyon ki la pou minnen rèv nou, jiskas ke nou ta bay legen. 

E nou pa gen dwa bay legen. Nou gen yon eritaj pou nou pase bay sa ki ap vini apre yo. Chimen zansèt nou te trase pou nou an, nou pa ka kite rak pikan anvayil. Touse ponyèt nou, manche pikwa nou, file koulin nou. Nou bezwen louvri pasay pou solèy libète, egalite ak fratènite vin klere ak dirije chimen nou.

 

 

 

 

Crédit Photo* Ulrick Jean Pierre

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie