Souvan, nou toujou ap onore, lè se jounen dwa fanm se jènn fanm oubyen manman yo. Men nou toujou bliye grann yo.

Souvan, nou toujou ap onore, lè se jounen dwa fanm se jènn fanm oubyen manman yo. Men nou toujou bliye grann yo. Moun sa yo, si m te kapab di sa se poto mitan sosyete a. Poukisa ? Fè yon kout pye nan mache a sitou nan pati moun andeyò pi souvan se granmoun yo ki ap vann. Mwen sonje yon jou mwen t al achte yon yanm. Granmoun nan di m : « Yanm nan tèlman bon mwen pa ta vann li non. Se pitit pitit mwen ki di m li pa gen rad ki fè m vin vann li. » Se pou m te montre nou se pa sèl manman ki ka fè e ki konn fè sakrifis gen grann yo tou. Se pa pou anyen pwovèb la di « Lè w pa gen manman ou tete grann. »

Youn nan lot patikilarite grann yo genyen se, yo tolere pitit pitit yo anpil. Yo gen yon lanmou san limit pou yo.  Depi yo la, baton pa fouti leve sou yo. Pou grann lan ta la pou paran ta vin leve men sou yo se bliye sa. Yo ta pito vin kanpe ant yo menm epi baton an. Lè sa, yo te konn santi yo dizòm. Lè w nan ti kont ak manman w ou ap fè grèv manje epi grangou a komanse rèd ou parèt kote grann ou epi l ap baw lajan dous lèt la oubyen piwouli an. Yo gen kè sansib anpil. Dèfwa mwen ap mande tèt mwen, eske se paske yo pat gen okazyon pou ba pitit yo sa yo te bezwen lè yo te nan laj nou ki fè yo konsa. Toujou gen yon ti lajan anba kabann oubyen nan sak zorye a pou lè w vini pouw achte fridòdòy oubyen ti “chanm chanm” jan yo renmen rele yo a. 

Nou kapab site anpil lòt enpòtans nou kapab bay grann yo. Yo konn tout fèy te ki egziste ki bon pou nenpòt sa yon mounn genyen. Mwen leve ak grann mwen ave m e mwen kapab di yo siyifye anpil bagay. Yo reprezante fòs nanfanmiy lan poutèt sajès yo ak istwa yo gen nan tèt yo. Lè manman soti, nan men moun pou yo kite w se nan men grann yo.  Paske yo konnen byen se yo menm ki fè yo tounen moun yo ye jodia. Anba anba yo gen respè men yo toujou rete envizib. Sanble yo ta supoze gen yon jounen mondyal pou yo apa. Men domaj yo manke onore yo. Mwen ankouraje tout moun pandan y ap pran swen manman pou yo fè sa ak grann yo. Nou wè konbyen lane yo genyen nou pa konn konbyen yo rete. Ou menm ki ta gen chans genyen yo bò kote w pa neglije ba yo lanmou ak respè yo merite.
 

Elizabeth Luvia PIARD naquit en 1998 dans la ville des Cayes. Après ses études primaires à l’Ecole Nationale La Providence des Cayes, elle a intégré le College Frère Odile Joseph pour y faire ses études secondaires. En terminale, elle a été appelée à coordonner les publicatio…

Biographie