Nou pa janm kwaze. Ou pa konnen m. Mwen m konnen w. M sòti nan ou. Nenpòt kote w ye a, m ta renmen lespri nou konekte. Mwen bezwen di w 2 ti mo nan 3 pawòl.

 

 

 

Nou pa janm kwaze. Ou pa konnen m. Mwen m konnen w. M sòti nan ou. Nenpòt kote w  ye a, m ta renmen lespri nou konekte. Mwen bezwen di w 2 ti mo nan 3 pawòl. 

Fèt manman preske bout. Gen lontan zetwal yo ap twaze lalin nan syèl la. Mwen ak ti frè m , n ap swiv yo. Alaverite, nou fèt menm dat. Kòm mwen wè limyè avan l, pou takinen l mwen rele l konsa. Nou t ap gade kijan manman  te kontan pou jounen an. Nou pa regrèt efò n te fè pou sa. Nan pale pale, marasa  m nan mande m kisa yon moun dwe santi pou l fete papa nan  jou fèt papa a. Kesyon an te frape m fò. Mwen pa t ka reponn. Mwen pa konnen nonplis. Kesyon mennen kesyon, li kontinye mande m:

• poukisa yon gason ka deside bay pitit li do san li pa menm konnen l?

• Eske yon fanm peche lè l bay lavi boujonnen nan vant li ? 

Sèl sa a m te ka reponn : ‘’ Mwen ak ou nou se gwo temwayaj peche sa a se pi bon kado Bondye fè lèzòm’’

Sa pa t  anpeche m chèche konprann pouki ou pat janm vini omwens rekonèt menm figi nou. Depi n tou piti, manman di nou ou mouri. Depi nou pwononse mo papa, 2 je l tounen 2 letan kote tristès vin bay 2 bras. Men, lòt moun di w al viv nan lòt peyi kote w ap byen mennen. Yo di ou kraze rak depi jou w aprann semans ou te jèmen. 

Pou konsole m ak padone w, mwen di kòm ou te jèn ou te pè responsabilite sa a e petèt, ou pa t imajine ki enpòtans ou t ap gen nan lavi nou.

Se vre, manman pa yon fanm ki pote pantalèt pou bèl twal. Li korije nou kòmsadwa. Malgre sa, gen yon towo ki pa gwonde nan kay la. Sinon, nou ta reflechi avan n fè kèk ti dezòd.

Chak fwa m sonje koze sa a, mwen anvi ri mwen anvi kriye. Nan grandi ak fi sèlman, frè m nan te kòmanse aprann pipi chita ! 

Li pa t alèz ak jwèt ti gason. Li t ap chache w nan manman. Men, li pa t jwenn ou.

Manman renmen nou anpil, li fè tout bagay pou nou. Li toujou ap  pwoteje nou. Nou te ka grandi twò fèmen. Li toujou di pou nou rete trankil paske se li sèl nou genyen. Lè konsa nou konprann sa nou manke pa egal sa nou genyen ; sa nou genyen pa vo sa nou manke. Se youn ak lòt ki pou fè tout. Sa nou bezwen an !

Gen 2 evènman nan vi nou, nou t ap kontan w la  pou ankouraje nou, aplodi nou. Pitit gason w lan entelijan anpil, il toujou ap ranpòte prim. Mwen tou wi, m toujou fè gwo efò nan tout sa m ap patisipe. Nan foto souvni bèl evènman sa a yo, plas ou toujou rete vid. Malgre nou, vid sa a pa nan foto yo sèlman ; li nan mwen ak tout frè m nan. 

Yon lòt bagay ki toujou ap toumante m, idantite m pa konplè. Li manke moso. Mwen toujou pa konnen ki moun mwen ye nèt !

Papa, tanpri, si nou rive konekte, fè n siy. Se pa lajan n ap mande w. Manman toujou ap degaje l pou l ba nou tout sa n gen bezwen. Nou pa manke anyen. Jis oumenm.

Nou pap mande w pou w vin rete. Men, rekonèt ou, wè w, anbrase w t ap vle di anpil pou nou. Sa t ap fè nou byen paske absans ou fè n santi… Ou enpòtan !

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie