Jisk’an 1790, veyikil a 2 wou yo te gen kawotchou yo youn parallel a lòt. Se « Comte de Sivra » ki te imajine plase kawotchou yo youn dèyè lòt, nan menm plan, epi relye yo ak yon pyès an travè.

ISTWA BISIKLÈT

    Jisk’an 1790, veyikil a 2 wou yo te gen kawotchou yo youn parallel a lòt. Se « Comte de Sivra » ki te imajine plase kawotchou yo youn dèyè lòt, nan menm plan, epi relye yo ak yon pyès an travè. Kondiktè a t ap ka chita sou pyès sa an kalifouchon epi li t ap gen pou l kenbe yon lòt pyès vètikal ki te fikse nan kawotchou devan an. Machin sa a pa t ko gen pedal. Kondiktè a te gen pou l avanse pandan l ap pran apwi sou sòl la ak de pye li yo, tankou si li t ap mache. Echantiyon sa te pote non « selerifè » (célérifère). Pyès an travè kondiktè a chita sou li a te fèt an bwa, e yo te konn ba li plizyè fòm tankou lyon, cheval, sirèn, koulèv… Yo te vin chanje non li e rele l « velosifè » (vélocifère), ki te vin chanje non ankò pou l rele « velosipèd » (vélocipède).

    Nan lane 1818, « Baron Drais Von Sauerbronn » ki te enjenyè te ajoute nan velosipèd la yon gidon ki te mobil. Li te vin posib pou w te bay yon direksyon a velosipèd la kounya. Swasannsèt lane aprè, « Ernest Michaux » ki te yon kawosye te ajoute pedal yo nan kawotchou devan an, e lè sa a, machin nan te vin rele « bisikl » (bicycle). Yo te vin ogmante dyamèt kawotchou devan an ki te vin egal a 2 mèt, sa ki te lakoz sèl la te a 2 mèt de sòl la tou. Li te trè danjere paske pa te ko gen fren ; pou w desann ou te gen pou w vole atè.

    Men avan sa yo, nan lane 1879, yon blan Angle ki te rele « Lawson » te fikse nan aks kawotchou dèyè a yon transmisyon chèn ki te relye a pedal yo, ansanm ak yon kad ki te relye de wou yo, e ki te pral pote sèl la, gidon yo, pedal yo a ak fouch devan an. Sizan aprè, yon konpatriyòt li « J.K. Starley » te ba de wou yo menm dyamèt. Echantiyon sa a te vin premye bisiklèt. Se aprè tout transfòmasyon sa yo fren ak sistèm vitès la te vin ajoute.

OKAY SOU BEKÁN

Aktivite a demare abityèlman nan baz Vèkèlè a ki nan ri « Auxilus Fougère » kote yon estann konn déjà monte depi lavèy. Konbyen amatè ak tizè bekán ki te toutan espere wè yon Tour de France fèt an Ayiti ? Si nou chache n ap jwenn anpil ! Genyen jouk jodi a ki toujou ap espere wè Ministè espò, ou youn pami foul enstitisyon prive anndan peyi a, reyalize gwo rèv nasyonal sa a. Lè sa nou t ap aprann gade nan televizyon nou Tour d’Haïti, si t ap gen kouran pou sa. Gen plizyè konpetisyon ou senp aktivite bisiklèt ki abitye fèt nan divès kwen nan peyi a tankou nan vil okay kote chak 2 janvye Baz Vèkèlè abitye òganize kokennchenn aktivite sa ki se OKAY SOU BEKÁN. Se pa yon kous, men yon moman detant kote tout tranch daj nan vil la konn pwofite pou monte bekán yon fason yo pa t ap janm ka fè l si se pa nan dat sa. Se la randevou a kase pou tout siklis, men gen fanatik ki rete lakay yo pou vin gade lè kòtèj la ap ase.

 

Gen yon pakou ki byen defini. Avèk gwo mizik kòtèj la soti nan baz Vèkèlè an pasan nan ri Kapital. Lè li rive nan kwazman ak ri Tousen Louvèti a, li vire a goch pou l kontinye jouk nan kafou Orèl kote l ap gen pou l vire a goch ankò pou l ka pran premye gran ri. Sou kare mache a, kòtèj la ap vire ankò a goch an pasan bò djèt pou l ka pran boulva kat chemen. Rive nan kwa a, se yon lòt vire agoch pou pran wout Kwa Mati e kontinye sou wout Lakòt la. Aprè anviwon kat san mèt, se yon lòt vire agoch kòtèj la nan rantre wout Jele a. Wout plaj Jele a pa ase laj. Lè kòtèj la rive la a, chak grenn siklis konn gen pou kenbe bekán li nan men l e leve l anlè sou tèt li. Se konn yon bèl imaj, sitou lè w ap gade sa depi anlè. E yon fwa ti pon an desann, se yon dènye vire agoch pou rantre nan espas plaj la. Rive la, pakou a fini avèk animasyon mizik ak lòt aktivite avan siklis yo repran chemen kay yo.

 

OKAY SOU BEKÁN ap fèt nan vil la depi yon demi deseni, e fanatik yo pa janm neglije. Se yon nouvèl tradisyon ki tou enskri nan ajennda vil la. Bri aktivite sa rive lwen. Youn nan prèv yo se prezans kèk otorite peyi a nan edisyon pase yo tankou Prezidan ak kèk palmantè. Yo menm tou yo pat neglije pote bekán yo e pedale ak fanatik yo. Tout kalite moun ou gen pou w rankontre nan mouvman an rann aktivite a enteresan anpil. Ou kwaze tou tout kalite bekán : de wou, twa wou, san gidon, san sèl, san pedal, san fren, san chèn. Kèlkeswa jan bekán nan ye a, kèlkeswa sa li ta manke, sa p ap ka anpeche mèt li Mennen l. Se moman tou mekanisyen yo plis gen travay, paske tout bekán sa yo ranje chak en nan. E genyen nan yo moun oblije mande anba ki fatra mèt yo ranmase yo, tèlman yo nan yon move eta. E se lavèy moman sa tou pou yon pwopriyetè sere bekán li byen di, paske gen anpil ki dòmi e leve jwenn yo apye. An gwo, fanatik yo itilize tout mwayen pou peye prezans yo, kèlkelanswa ris ak danje.

Mouvman sa a se pi gwo mouvman mas ki fèt regilyèman nan vil la jiskaprezan, an wetan manifestasyon. Petèt tou se yon manifestasyon sou yon lòt fòm pou montre le mond nou kwè nan solidarite, nan tèt ansanm, nou kwè nan linyon. Si chak grenn moun te gen pou fè pakou a poukont yo, sa ki t ap rive yo asireman t ap tap pèdi pasyans epi dekouraje. Sa k pa t ap kapab yo t ap rete nan wout, oubyen yo pa te prale ditou. Men lè w bò kote plizyè santèn moun k ap pedale menm jan avè w, tan an pase vit, pa gen parès, pa gen dekourajman, e lè sa a, tout moun rive vit.
 

Crédit Photo : Joantz Artiz Photography