Pouvwa a nan lari. Kesyon enpòtan ki poze touswit, se kiyès kap pran l : Haysyen konsekan oubyen gwo pwisans yo pou kontinye enpoze Hayti ak tout Haysyen yo dikta yo ?  

Pouvwa a nan lari. Kesyon enpòtan ki poze touswit, se kiyès kap pran l : Haysyen konsekan oubyen gwo pwisans yo pou kontinye enpoze Hayti ak tout Haysyen yo dikta yo ?  

Listwa n ka gide nou. Nou sonje, nan dènye moman sistèm kolonyal esklavajis nan Sendomeng, nwa kou milat, affranchi kou esklav, malgre diferans nan estati ak sitiyasyon yo, malgre tout kontradiksyon ak rivalite ki te gen nan mitan yo, yo te rive mete yo dakò pou lite ansanm kont vrè lènmi an. Se gras ak inite sa a yo te rive bat pi gwo lame nan epòk la ak pran endepandans yo. 

Se nan kafou istorik sa a, apre 220 lane endepandans, nou retwouve n jodi a. Se menm konpòtman sa a sikonstans jodia kòmande nou. 

An nou fè premye pa sa a ki ap yon solisyon Haysyen pou Hayti. Touswit apre, nap bezwen nan menm lespri sa a travay ansanm pou pran tout bon dispozisyon pou vinn bannou yon pi bon peyi pou n viv ak pou n kite pou pitit nou.

A propos de

Abner Septembre

Sociologue (Diplôme de maîtrise de l'Université d'Ottawa); Diplôme de Licence en Études Africaines, Afro-Américaines et Caribéennes (Université d'Haïti) ; autres études en Sciences du Développement, en archéologie préhistorique, en tourisme et en design de projet communautair…

Biographie