Sou lantouray mwen

Byen chelbè ou parèt

Tankou flè kou l fè dizè

Ki ouvri, layite kò li

Pou yo ka manyen li

Pou bay abitid men

Ki byen konnen

Li pa la pou lontan.

Mwen kraze kloti a

Pou m pa gen lide kanpe

Kanpe gade kote w ap sòti

Pou fo espwa pa fè rasinn

Ni donnen andedan kè m.

Devan pòt tounen dèyè kay

M rantre nan kounouk mwen.

 

Sou lantouray mwen 
Byen chelbè ou parèt 
Tankou flè kou l fè dizè
Ki ouvri, layite kò li 
Pou yo ka manyen li
Pou bay abitid men
Ki byen konnen
Li pa la pou lontan. 
Mwen kraze kloti a 
Pou m pa gen lide kanpe 
Kanpe gade kote w ap sòti 
Pou fo espwa pa fè rasinn 
Ni donnen andedan kè m.
Devan pòt tounen dèyè kay
M rantre nan kounouk mwen.