Tout fanm sou latè

Alawonnbadè

Gen dwa panse,

Di sa yo vle.

 

Tout fanm sou latè
Alawonnbadè
Gen dwa panse,
Di sa yo vle.

Se pa m nan ki pi bon,
Li tankou bonbon.
Se li menm ki pi gou,
Li dou kou rapadou.

Li fre kou dlo sous
Se lang mwen ki pi dous,
Dous pase siwo myèl
K ap koule sòt nan syèl.

Si w ta renmen wè
Pou w ta ka kwè,
Vin fè ti goute l,
Ou pap ka kite l.

Li ka fè w damou,
Damou jous ou fou,
Fè w bliye lòt yo
Kou pil vye boyo.

Nan tout pi gran moman m,
Tristès kou kè kontan m,
Li toujou vle chape,
Tou pare pou l file.

Li pa janm twò lwen,
Byen pre sou pwent bouch mwen
Ak kichòy pou l fè w souri.
Pete yon ekla ri.

Lang mwen cho kou solèy.
Lè l tonbe nan zorèy,
Li ka pote bonè,
Li ka mete koulè.

Men, pa fè m fè kòlè,
Pou w pa tande malè.
Li gen bon grenn pawòl
Pou moun ki pèdi wòl.

Ke w te rele anglè,
Ke w te rele fransè,
Ou te mèt se panyòl,
Pa gen kou yon lang kreyòl.

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie