Depi nan tan lontan, moun te toujou ap panse toutan a bote yo, sitou medam yo. Sa nou ka di, sè ke depi nap pale de bote yon moun, nou wè figi ak fòm moun nan anvan.  Kòm nou konn di, bote yon moun chita sou yon pati nan kò l, ki se po li. Daprè sa nou kwè, tout bèl yon moun ta parèt bèl, si po li pa bèl, yo pap menm wè lòt kote nan kò l ki ta bèl.

Depi nan tan lontan, moun te toujou ap panse toutan a bote yo, sitou medam yo. Sa nou ka di, sè ke depi nap pale de bote yon moun, nou wè figi ak fòm moun nan anvan.  Kòm nou konn di, bote yon moun chita sou yon pati nan kò l, ki se po li. Daprè sa nou kwè, tout bèl yon moun ta parèt bèl, si po li pa bèl, yo pap menm wè lòt kote nan kò l ki ta bèl. Pou nou menm moun nwa, gen modèl pou nou swiv pou bote nou ka parèt e pou nou ka aprann renmen tèt nou. 

Jwenn ke yon moun bèl oswa di li ke li pa bèl depann de jan chak moun wè l. Se nòmal ke nou tout pa wè l ni ka esplike l menm jan. Malerezman, tout règ ki di kilè  yon moun bèl, sitou nan ka medam yo, se moun ka p viv nan sosyete ke nou rele oksidantal yo ki fè règ sa yo. Yo di men kijan pou yon moun bèl e yon nan rezon yo gade gen pou wè ak koulè moun nan. 

Men, jan nou wè bagay yo, yo gen lè panse ke pou yon moun bèl fòk po l pa fonse ditou. Kidonk, yon moun ki bèl se yon moun po klè e pou nou di li nan lang Kreyòl la, se grimo, grimèl, moun wouj, po jòn oswa blan.Tout kalite moun yo di ki bèl yo, ke yap prezante se nan group sa a yo ye. Nan tout konkou bote, medam ki rive premye yo, pi souvan se fanm blanch. Menm lè se yon fanm nwa ki rive premye, koulè po l pa janm yon bon kafe nwa, se toujou yon kafe ki gen lèt e ki gen plis lèt ke kafe. Se sa ki vin fè ke anpil fanm nan mitan nou ap blanchi po yo (sa nou rele douko nan peyi nou).  Bagay sa a, koze douko a bay medam yo anpil pwoblèm. Li fè yo genyen yon pakèt maladi sou po yo paske yo sèvi ak nenpòt ki pwodui pou chanje koulè yo. 

Lè koze chanje koulè sa a te fè k ap parèt se plis fiy ki te konn fè l. Men nou wè alèkile ke anpil gason lage kò yo tou nan koze sa a. Pou mesye yo oswa pou kèk ladan yo, sanble yo pran desizyon chanje koulè po yo, paske yo mete nan tèt yo se konsa pou yo montre ke yo rive nan sosyete a e ke yo gen lajan. Lè nou byen gade, gason ki ta sanble gen yon bèl plas nan sosyete a, ki ta rive gen lajan se grimo oswa blan yo ye. Nan peyi nou Ayiti, se gwoup moun ke nou rele milat yo, ki gen po klè yo ki rive nan sosyete a. Nou ka ale pi lwen pou nou di ke prejije sa yo kapab sòti depi nan tan kolonizasyon. 

Kounye a, an nou rete plis sou enpòtans modèl ki devan je jèn gason ak jèn fanm nwa yo. Li enpòtan pou nou montre yo ke gen anpil bèl fanm ak bèl gason nwa ki fè gwo bagay epi ki vin gen anpil lajan. Depi yo tou piti, fòk timoun nou yo konnen e wè ke gen anpil gro zotobre nwa kifè anpil gro bagay nan mond lan.

An nou di tou ke bote yon moun chita anpil sou bote kè l, nanm li, e sou bèl bagay ke li rive fè. Nan kominote nou Okay, gen yon potorik gason ki pat gen anpil lajan, men ki te rich. Richès pa l, se te bonte l, sajès li, lanmou l te genyen pou tout moun, gran nèg kou malere, e sitou zèv li te konn fè ak sila yo ki nan nesesite. Anpil moun tou te respekte l anpil. Lè l mouri, moun te sòti tout kote vinn ba li omaj, apre asasen te sakrifye l nan pye travay li te pi renmen fè a: rann sèvis a sila yo ki plis nan bezwen. N ap pale de agwonòm Jean-Yves Banatte. Mwen pap pran tan pale de tout sa l fè nan vi l paske mwen ta gen twòp pou mwen di. Men sa m ka di, sè ke tout etidyan ki nan fakilte UNDH Okay dwe l yon gwo kout chapo, paske li te fè gwo jefò pou fakilte sa a te ka louvri nan depatman Sid la. Li pat gen pwoblèm pou li bay siyati l pou plizyè pitit sò Yèt te ka prete lajan la Bank pou yo ka fini tout ane lekòl yo.  

Agwo Ba, se ti non afeksyon ke nou te ba li. Se yon moun ki te espesyal e ki ap toujou rete yon modèl pou tout moun, piti kou gran. 

Kalite moun nwa sa a yo, ke nou jwen toupatou men ke yo konn bliye, se de yo pou nou pale pitit nou yo, jèn nou yo. Konsa yon jou, moun nwa, k ap vini dèyè yo, pral fyè de tèt yo, aksepte e renmen koulè po yo. Koze blanchi po sa a, pral disparèt pou tout tan gen tan.
 

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie