7 fevriye 2017-7 fevriye 2022, senk lane depi yon prezidan te eli lejitimman pou mennen bak peyi Dayiti. Se jounen lendi 7 fevriye sa a tou ki t ap make fen manda prezidan Jovenel Moïse nan tèt Leta a pou yon lòt eli te vin pran pouvwa a pou senk ane k ap vin apre yo.

7 fevriye 2017-7 fevriye 2022, senk lane depi yon prezidan te eli lejitimman pou mennen bak peyi Dayiti. Se jounen lendi 7 fevriye sa a tou ki t ap make fen manda prezidan Jovenel Moïse nan tèt Leta a pou yon lòt eli te vin pran pouvwa a pou senk ane k ap vin apre yo.

Men se domaj, zèfèyis ak zago loraj tout plimay pat bay chèf Leta a chans pou l te fini manda senkan l te eli pou li a lè yon "kòmando", Blan je vèt mele ak Ayisyen tèt grenn, te anvayi lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 kay prezidan an, antre jouk anndan chanm li asasinen l, krabinen l san menm yon marengwen pa grafouyen nan ekip ki te gen pou misyon bay sekirite ak prezidan an.

Jovenel Moïse mouri, kriz pi rèd! Aktè politik, politisyen tout kalite pale, diskite, voye pye, akò agoch adwat, jiskaske ti gwoup siyatè Montana yo nan eleksyon segon degre soti ak ekonomis Fritz Jean epi ansyen senatè Steven Benoît kòm prezidan ak Premye minis ki pou asire pouvwa tranzisyon de zan y ap pwone a, pou fasilite peyi a soti nan kriz sosyopolitik k ap vire bil bout tè papa Dessalines nan depi plizyè dizèn lane.

Ki peyi ? Antouka, pandan moun Montana yo ap reve gouvène, achte vès ak soulye nèf pou al prete sèman, gouvène, Premye minis ansyen prezidan Jovenel Moïse te nome avan l mouri a, Ariel Henry, kanpe dan bang, li pa pran l pa bay, si yon moun bezwen gouvène peyi a, se chimen eleksyon tèt dwat. Premye minis defakto a pa antann lache pouvwa a yon may. << Pyès moun pa gen ni otorite ni dwa pou reyini nan yon lotèl kit isit ou laba pou deside an ti komite ki moun ki pou prezidan oubyen Premye minis >>, se pawòl Premye minis Ariel Henry jou ki te lendi 7 fevriye a nan diskou li t ap prezante pou fè onè ak dat sila a ki vle di anpil bagay nan lavi pèp ayisyen, men tou ki ta pou yon seri moun, moman pou chèf Primati a rache manyòk li bay tè a blanch.

Chirijyen an, n ap raple, ki te deja deklare devan tirès Sena a, avan 7 fevriye li kwè nan yon Asanble konstitiyant ak yon Konsèy elektoral pwovizwa epi yon lòt konstitisyon avan ete a pou l òganize eleksyon... Li kontinye pou l fè konnen : << M ap anonse nou tou, aprè bèl rankont Kanada te òganize sou zafè sekirite a, 16 fevriye k ap vini la a, n ap fè yon gwo woumble, kote tout « bayè defon » yo pral gade kijan y ap ka ede nou nan relèvman ak rekonstriksyon depatman ki nan pati Sid peyi a ki te devaste ak tranblemann tè 14 dawout 2021 an. >>

Premye minis konteste a, ki sanble byen kwè nan ti fòs Blan li, pwomèt piblikasyon tout dispozisyon l yo nan yon dat ki pa ta dwe twò lwen si n eseye konprann PM nan, epi envite jan Dessalines ta di, tout Ayisyen ki gen bon volonte vin jwenn li pou n dekole peyi a : << N ap rann piblik kalandrye ki pou mennen nou nan mizanplas enstitisyon demokratik nou yo... m ap envite tout Ayisyen ki gen bon volonte pou vi n pote kole pou nou reyisi pwojè sa a >>.

Kisa doktè a gen nan djakout li? Èske l ap rive tout bon vre òganize eleksyon pou bay yon nouvo eli tèt ekzekitif la lè n konsidere tout pwoblèm ensekirite, gang k ap kale tankou poulpoul, kidnaping, elatriye k ap vire lòlòj peyi a san rete chak jou ki jou?