Jodi a m santi kè m ap rache

Pou m wè n pa ka al nan mache.

Tout zantray mwen ap dechire

Lè m wè frè m yo tankou w bann re.

 

Jodi a m santi kè m ap rache
Pou m wè n pa ka al nan mache.
Tout zantray mwen ap dechire 
Lè m wè frè m yo tankou w bann re.

Yon ti pòsyon ap byen mennen
Majorite ap penpennen.
Mouche leta ap kalbende
Pandan ke pèp ap kemande.

Gade ti Àn, gade Janjak;
Youn ap Kase, lòt la p toufe.
Paran ti Àn ap viv nan Pak
Paran Janjak se tankou fe. 

Manm gouvènman ap paweze
Mas pèp li menm ap reve ze.
Nou fè listwa san dilatwa
Jounen jodi nou sou twotwa.

1804 nou tout te la
Men 2020 n nan tralala.
Ti klan, pati, moun tèt anba
Fè nou tounen tankou graba.

Yon pèp vanyan ki san defans
Moun san konsyans ap dirije,
Ki chwazi pase nou nan rans;
Yo kenbe nou ak dlo nan je.

Si Jodi a kè m ap rache, 
Se paske m wè n pa gen travay.
Nou tout konnen sa n ap chache,
Fòk nou sispann ap bay piyay

Kè m ap rache...
 

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie