Di m konbyen tan ankò?

Lè, jou, mwa, ou ane?

Konbyen tan pou mwen lwen,

Lwen Ayiti, peyi m

Fanm dous mwen, rèv mwen?

Nan mache toupatou

Di m konbyen tan ankò?
Lè, jou, mwa, ou ane?
Konbyen tan pou mwen lwen,
Lwen Ayiti, peyi m
Fanm dous mwen, rèv mwen?
Nan mache toupatou
 Mwen pran nan tout peyi
Tout konesans ak lò...
Poutan mwen alyene...

Di m non, nan konbyen tan
Lakay va fonksyonèl
Pou nou tout fè pedan
Douvan tout komokyèl
K ap di nou an reta
Tèlman n nan patata?
Mwen sèl nan w lòt peyi,
Malgre zanmi, fanmi;
Mwen blemm lwen Ayiti.

Yon gwo doulè jouke m
Nan zantray, jouk nan tchè m
Detrui la Jwa k nan kè m.
M sonje jele, lilèt
Bouri, ak bon Jan lèt.
Kote pwason Serèt
Akasan ak pate?...
Yon tristès anvayi m
Paske m sonje peyi m...

Twasan karant Milyon
Etazini genyen, 
Moun sou moun pou anyen
Y ap banm Bo-Bo Miyon...
Mwen vid, pou kò m, byen lwen
AYITI sèl byen m genyen.
Jouk kilè, ô bèl fanm dous
M a retounen nan Pye w?
Ayiti... Yo gaspye w!
 

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie