Yon mantalite ekspire nan yon depatman toutouni 

Mwen se pitit depatman Sid. Se la sis jenerasyon ki fèt avan mantere. Nou menm moun nan Sid, nou ospitalye, nou akeyi byen moun vini. Men, nou gen yon gro defo: nou toujou ap fè konpetisyon youn ak lòt. Kòm konsekans divizyon nou, depatman Sid toujou dèyè nan ke kamyonèt la. Nou prefere pote valiz swadizan lidè lòt depatman olye nou sipòte moun depatman Sid pou lidè. Éske sitwayen nan Sid ta dwe senbolize restavèk nan politik? Kisa ki kòz depatman Sid eta li ye jodia? Mwen akize moun Okay espesyalman pou Xaragua 2030 ki pa ateri, pou pò Senlwi a ki pa janm demare, pou ayewopò Antwàn Simon ki pa janm entènasyonal.

Mwen pap pase pa kat chemen pou akize moun Okay pou eta depatman Sid la. Chak fwa gen yon pwojè ki pou leve tèt depatman an, moun Okay sabote l nan gonfle kòlèt yo pou lidè, kòmkidirè se yo sèl ki ka devan lè gen pou pale de depatman Sid. Depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, moun Okay antòtye depatman Sid la nan goumen antre yo pou lidèchip. M ap mande moun Okay pou yo kite konsepsyon si yo pa ka manje yon manje pou yo gate l pou pèsonn lòt moun pa ka manje l.

Depatman Sid genyen 5 awondisman: Aken, Okay, Pòsali, Koto, ak Chadonyè. Li genyen 18 komin, ak yon popilasyon 847.000 abitan k ap viv sou 2789 km kare tè. Sou Tayino yo ki se premye abitan zile Ayiti,  se te Xaragua. Nan epòk koloni Espay, zònOkay te rele Salvatierra de la Sabana; sa vle di “tè ki sove nan dlo”. Depatman Sid kreye nan tan Ayiti te yon koloni peyi Lafrans ak lwa 4 Brimè ane 4 la, kidonk 25 Oktòb 1797. Nan lwa 24 Mèsidò ane 9 la, kidonk 13 Jiyè 1801, sou Toussaint Louverture depatman an te genyen kèk ti chanjman nan limitasyon yo. Lwa 27 Desanm 1806 lan retounen l ak mezi, bònli te genyen sou tan kolon fransè yo.

Malgre gwo enterè ki te genyen nan Nò peyi Dayiti akòzlesklavaj ki te fò anpil, depatman Sid pa t janm ensiyifyan ni nan pwodiksyon ekonomik ni entèlektyèl ni politik. Depatman an te alavangad relasyon entènasyonal gras a pozisyon l pa rapò ak peyi Amerik latin yo epi peyi karayib yo. Trete Kan Jera ak Simon Bolivar se youn nan prèv wòl depatman Sid te jwe nan istwa l. 

Depatman Sid koumanse tonbe an degraba sou prezidan François Duvalier, akòz li te Dejwayis epi boujwazi milat la ki te makonnen l ak yon aristokrasi egzajere . Pou konsekans, François Duvalier te voye Astrel Benjamin nan Okay ki kraze tout referans sosyal, entèlektyèl, ak ekonomik depatman Sid la. Se sou Divalye li pèdi privilèj komès li te genyen ak peyi Amerik latin yo ni peyi Jamayik akòz politik boujwa enpòte  Pòtoprens kont depatman an. Aprè depa Jean-Claude Duvalier, depatman an koumanse antre nan yon twou san fon jiska jounen jodia. Depatman Sid la pa genyen okenn kontak komès ak etranje: komèsan l yo tounen detayan osinon revandè pou grannèg Pòtoprens. Malgre konstriksyon waf Sen Lwi a, depatman Sid toujou rete izole ak komès entènasyonal, paske bato pa ka vini ladan l. Se yon kastèt chinwa pou debake kwakseswa nan pò a akòz mannigans politik pou toujou gen monopòl boujwa Pòtoprens. Malgre fonksyònman ayewopò Antwàn Simon, depatman Sid rete izole ak peyi etranje, paske li pa janm kkafè trafik entènasyonal akòz enfrastrikti ki manke. Sou plan devlopman, depatman Sid se yon echèk, eksepte nan domèn vetivè. Santral Dessalines pa egziste ankò, fakolèf pa disparèt lontan, santral elektrik Somatirin fèmen…kidonk, depatman Sid toutouni ak yon popilasyon k ap ogmante chak jou. Kisa ak kiyès ki lakoz dewout sa a?

M kontinye akize tout Sidist, espesyalman moun Okay. Se vre Okay genyen tout kalite moun depatman an ki abite l, men pa jalouzi yo sabote mouvman Xaragua 2030 ke Alin Louis Hall t ap pwone an 2011 sou Petwo Karibe a. Yon mouvman ki te nòb e ki, si Sidist te anbrase l ak sipòte l, depatman Sid t ap pi gwo benefisyè gras a Trete Kan Jera a ki te siyen nan Sid. Se menm jan pou Pò Sen Lwi a ki depi nan konsepsyon l te jwenn opozisyon paske se pa Okay li ye. Malgre tout Etid ki te fèt montre Okay pa ka gen pò akòz plizyè rivyè k ap pote sediman nan tout antouraj li, moun Okay toujou ap goumen pou tout enfrastrikti nan vil Okay. Non sèlman Sidist yo pa goumen pou Santral sikriyè a pat kraze, vòlò tè mete ak defen Gabriel Fortuné pou kraze pwodiksyon diri ki te si pwometan nan depatman an, yon repetisyon fakolèf. Paske santral idwoelektrik Somatirin pa ka desèvi Okay, li fèmen kòm si se pa t yon lajan ki te envesti. Wi, mwen akize nèg Okay, paske yon ti klik konprann kèlkeswa sa k pou fèt nan depatman Sid se pa yo menm pou l pase. Depatman Sid gen anpil potansyèl sitou touristik ak agrikòl, devlopman agwo endistriyèl posib ni Sen Jan  Disid, Kanpere, Kavayon ak tout Koto; poutan, moun nan Sid kontante yo rete kòm revandèz boujwazi enpòte Pòtoprens la. Chak rekòt mango, veritab gaspiye, pou n site sa yo sèlman. Nonsèlman envestisman nan izin pou konsève t ap louvri pòt pou mache nasyonal ak entènasyonal, li t ap kreye travay pou yon popilasyon jèn ki nan chomaj. Te gen yon tan pa twò lontan, Idayi nan depatman Sid t ap pwodui diri, lèt, yogout, vyann bèf…tan ale tan pa tounen.

Pa gen okenn peyi ki genyen moun k ap panse ki t ap akseptepou tè fètil izin sikriyè santral Dessalines yo fè konstriksyon kay. Pa gen yon depatman ki gen moun k ap panse ki pou ta aksepte tè awoze Bouri ak Ka Mase sèvi pou bati kay. Chadonyè ta dwe yon gwo mache pou rezen ak diven. Pòsali ak tout kòt Sid la ta dwe ap jenere lajan nan touris Gras ak bèl plajdepatman Sid la genyen. Gwòt Mari Jàn tankou Kounoubwa ta dwe sit touristik memn jan an tou Kanal Avezac ak Dibrèy. Fò ki nan Sen Lwi yo ta dwe ap pote lajan olye pou y ap kraze tankou Kan Jera. Mwen sonje lè m te ti moun, mwen te konn ale Fò lilèt, m ap gade lanmè a jis anba. Kote fò sa a? Otèl Makaya te youn nan pi bèl otèl plaj k ap antre touris nan Pòsali, kote li? Nou ka site anpil bagay ki ta dwe patrimwàn ki disparèt. Nou ta ka site anpil moun tankou Alfred Marsan ki ta dwe onore ke moun nan Sid bliye oubyen jenerasyon kounyea pa menm konnen. Mwen poko genyen 60 tan, poutan gen anpil bèl moniman nan Sid ke m te konnen men ki pa la ankò. Kilè n ap koumanse fè peyi? Kilè Sidist ap koumanse pran reskonsabilite yo? Kilè nèg Okay ap konprann yo pa depatman Sid? Anpil keksyon ki merite repons klè, pou depatman Sid ka dekole. Eskize, se ta pito kole paske yo fin depatcha l. Depatman an ap fè bak, l ap degringole. Kore, kore, kore! Yon depatman k ap fè bak nan mòn kou nan plenn se yon danje. Danje pou sosyete a k ap benyen nan pousyè, blakawout, ak chomaj. Danje, atansyon, peze fren! Apre n ap repati pou nou fè an avan nou dwe fè a.

Depatman Sid bezwen nouvo lidè k ap pote yon lòt kouran lide pou ranplase chèlbè, pale mete la, divizyon nèg andeyò ak nèg lavil. Depatman an bezwen moun k ap fè aksyon nan plas pale charabya. Li bezwen konkou tout pitit li ki ka chita ansanm pou planifye devlopman selon resous chak zòn, chak komin. Li ta men, pa twò ta. Ann sispann fè pòz nèg Okay pou depatman Sid la ka avanse

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie