Nan okazyon 218èm fèt drapo peyi Dayiti, Lig Jenès Fondèblan (LIJEF) ap òganize premye edisyon « Fondèblan ap pedale » pou make dat sa. Dapre responsab komite a, Pouchon Guirand, aktivite sila a se yon pretèks pou rasanble tout pitit komin nan nan lide pou yo mete tèt ansanm sou wout devlopman Fondèblan.

Nan okazyon 218èm fèt drapo peyi Dayiti, Lig Jenès Fondèblan (LIJEF) ap òganize premye edisyon « Fondèblan ap pedale » pou make dat sa. Dapre responsab komite a, Pouchon Guirand, aktivite sila a se yon pretèks pou rasanble tout pitit komin nan nan lide pou yo mete tèt ansanm sou wout devlopman Fondèblan.

Nan okazyon fèt drapo Ayiti, Lig Jenès Fondèblan ap òganize premye edisyon « Fondèblan ap pedale » nan dat ki ap 18 me 2021 an nan komin Fondèblan nan lide pou make jounen istorik sa ki ap fè drapo peyi a 218 rekòt kafe. 
 

Dapre Pouchon Guirand, prezidan komite a, se yon jounen ki ap chaje ak anpil bèl aktivite kote elèv lekòl, inivèsite ak anpil lòt sitwayen konsekan nan komin nan pral jwe wòl pa yo pou siksè jounen sa a. 

« anndan pwogram lan, n ap genyen anpil aktivite tankou parad nan lari ak anpil timoun ki nan plizyè lekòl nan komin nan;  aprè sa n ap genyen defile bisiklèt kote anpil jenn ap genyen pou pedale nan mitan vil la; nou ap genyen jwèt tou tankou kous a pye, kous ak sak epi nou ap genyen yon  match foutbòl pou fini jounen an. Ap genyen yon DJ ki ap asire animasyon ak mizik ki ale ak sikonsatans lan », pou repete pawòl prezidan an, Pouchon Guirand. 

Li kontinye pi douvan pou fè nou konnen sou kisa objektif yon aktivite parèy chita : « Objektif nou se make jou fèt drapo a yon lòt fason nan Fondèblan pou montre si nou ka pedale bisiklèt ansanm, soti nan yon pwen A pou n rive nan yon lòt pwen B, se konsa tou nou ka mete men ansanm pou n devlope komin nan. Fondèblan ap pedale vle  di fondeblan ka devlope Fondèblan ka avanse depi nou mete tèt ansanm. »

Lig jenès Fondèblan (LIJEF) se yon gwoup ki bebe ki sèlman gen 3 mwa depi yo egziste. Yo chwazi pote aksyon yo sou twa pilkye ki se kilti, espò ak edikasyon.

Pou yon komin ki pran nesans nan lane 2015, apre prezidan nan moman, Michel Martelly, te pran yon dekrè pou leve Fondèblan nan nivo komin, se premye fwa yon gwoup jenn deside òganize yon aktivite pou make yon dat ki enpotan pou nou kòm nasyon.
 

A propos de

Michelet Joseph

Michelet Joseph
Né à Port-au-Prince le 22 septembre 1993, est un jeune journaliste-rédacteur. Il a une formation de base en communication sociale à la faculté des sciences humaines de l'université d'état d'Haïti. 

Il a diverses expériences…

Biographie