26 novanm 1749, Louis XVI pran desizyon kreye yon nouvo vil ki rele « Capitale des Isles-sous-le-vent » ; k ap vil tounen Pòtoprens ki chita sou abitasyon Randot. Kapital Pòtoprens sa a te gen avantaj nan pèmèt blan kolon yo byen respire, jwen bon dlo e posibilite pou defann yo pa rapo a lanmè. Pòtoprens la te vin rele « nouvelle » ville, la « ville du Roi » e se la a nou pral jwenn tout administrasyon peyi a.

• BÈLÈ (BEL AIR) PI GRAN PASE NOU TOUT k ap viv sou tè a, jodi a


26 novanm 1749, Louis XVI pran desizyon kreye yon nouvo vil ki rele « Capitale des Isles-sous-le-vent » ; k ap  vil tounen Pòtoprens ki chita sou abitasyon Randot. Kapital Pòtoprens sa a te gen avantaj nan pèmèt blan kolon  yo byen respire, jwen bon dlo e posibilite pou defann yo pa rapo a lanmè. Pòtoprens la te vin rele « nouvelle »  ville, la « ville du Roi » e se la a nou pral jwenn tout administrasyon peyi a.

An 1789, pandan Vil Pòtoprens la kontinye ap devlope, l ap gen pou fè fas a tout kalte katastwòf siklòn,  tranblemandtè. Men depi an 1782, Georges-Louis-Félix, baron de Wimpffen ou Wimpfen te gentan di kijan pou  kay bati nan vil la : Kay yo pa bezwen gen twop dekorasyon. Y ap gen yon pati ki pre e ki louvri sou omwen yon  ri, yon pòt ak youn oswa 2 fenèt ki dwe pi wo pou evite imidite ; y ap gen fòm rektang epi y ap gen yon pati  anlè ki ka agrandi selon nesesite yo. Kay yo ka gen galri tou selon modèl ewopeyen. E se konsa BÈLÈ (BEL AIR)  pral monte ak je li byen louvri sou lanmè a. E se la a tout kolon ki pi rich yo pral rete. 

• BÈLÈ (BEL AIR) toujou gwo viktim anba enstabilite politik. San BÈLÈ (BEL AIR) toujou ap koule. 

23 septanm 1883, apre lanmò Henry Piquant minis prezidan Salomon nan zafè Lagè, nan Miragwàn : Apre yo  fin boule tout biznis nan Pòtoprens , disparèt tout gwo magazen, boule ministè Komès, Finans, Afè Etranjè…, yo  monte sou BÈLÈ (BEL AIR) yo tchwe plis pase 4000 milat . 

28 mai 1891, Prezidan Hyppolite reyaji kont yon atak, li tchwe sou BÈLÈ (BEL AIR) 150 manb opozisyon. 

30 novanm 1894 : Yon gwo dife eklate sou BÈLÈ (BEL AIR) zòn Kalvè lakay yon dam ki rele Méline Augustin.  Andetwatan, tout katye a nèt pran. E se depi lè a , BÈLÈ (BEL AIR), koumanse pèdi nan sa li te reprezante depi  epòk kolonyal la. 

18 me 1957, pandan Tedeyòm Fèt Drapo : yon gwoup patizan Fignolé anvayi Katekral la. San reflechi, Lapolis  mete zam sou tout popilasyon ki te la a. Se te sitou moun sou BÈLÈ (BEL AIR). 

16 jen 1957, Bri kouri yo asasinen Fignolé. Patizan ki soti Lasalin, e sitou sou BÈLÈ (BEL AIR), yo te rele « Woulo  Konpresè » desann kraze brize nan Pòtoprens ; anvayi Fòdimanch. Gwo deblozay. Nan fen lanuit LAMEDAYITI fè yon kanaj . Plizyè milye moun mouri. Sitou moun ki soti sou BÈLÈ (BEL AIR). 

Ant 1980 rive jodi a : BÈLÈ (BEL AIR) pa sispann sibi anba vyolans, terè tout kalte. Enfòmasyon yo tout moun  konnen yo. 

MEN BÈLÈ (BEL AIR). SE SITOU BÈLTE AK ANVI VIV MOUN YO. SE YON PATRIMWÀN REZISTANS POU  LAVI.  

 

Anpil nan enfòmasyon sa yo sòti nan : 

Sources : - Revue Conjonction – Numéro spécial Ancienne Cathédrale Entretien avec Georges Michel, historien.  Konpozisyon. Dimanch 18 Avril 2021. 

Poète, romancier et nouvelliste, Rodolphe Mathurin, connu sous le sobriquet de Sonson Mathurin, voit le jour à Port-au-Prince le 8 décembre 1967. Fils de Mona Joseph et de Klébert Jean, il perd sa mère à l’âge de huit ans ; il est recueilli, très tôt (à 1 an) par sa gran…

Biographie