Depi yo pale de “mwa istwa moun nwa”, gen yon tandans pou moun panse ke se de istwa nwa ameriken li konsène. Se pa vre. Istwa moun nwa rete istwa moun nwa an jeneral. Konsa, puiske yon erè oubyen yon manti toujou mennen yon lòt, gen yon lòt tandans ki fè moun panse ke istwa moun nwa koumanse ak lesklavaj.

Depi yo pale de “mwa istwa moun nwa”, gen yon tandans pou moun panse ke se de istwa nwa ameriken li konsène. Se pa vre. Istwa moun nwa rete istwa moun nwa an jeneral. Konsa, puiske yon erè oubyen yon manti toujou mennen yon lòt, gen yon lòt tandans ki fè moun panse ke istwa moun nwa koumanse ak lesklavaj. Sa a tou, se pa vre. Nou pral fè yon rale sou istwa moun nwa pandan n ap prezante Toussaint Louverture, yon ewo nwa ki, gras a li, moun nwa demanti ak kontrekare mit siperyote blan yo.

Istwa moun nwa koumanse nan kontinan Afriken an ansanm ak istwa ras imèn an jeneral. Se la lavi te koumanse. Depi lafrik, moun simaye sou tout kontinan yo, sou tout latè. Lafrik se yon kontinan ki cho. Se sa k fè moun nwa gen yon fizik ak trè ki adapte pou sipòte chalè: yo nwa, yo pa gen anpil cheve, cheve yo fè boul, nen yo plat ak gro twou pou pèmèt yo respire pi fasil. Nan mache sou tout rakwen latè, moun nwa vin gen chanjman ki fèt nan kò yo ki pèmèt yo adapte a kote yo rive a. Se sa k fè, gen mitasyon ki fèt nan ras orijinal la pou vin bay lòt kalite moun selon kote yo ye a. Nan chanjman sa yo, nou jwen moun ki vin gen po pi klè, paske kote yo ye a pa gen anpil solèy ak chalè. Kidonk, kò yo vin pa pwodui melanìn ki se yon sibstans ki nesesè pou konbat chalè ak pwoteje po kont reyon solèy  e ki fè moun gen koulè ki pi fonse: koulè nwa. Plis kò a pwodui melanìn, se plis moun nan vin pi nwa. Lòt chanjman ki fèt nan mitasyon ras la, se nan cheve ak nan nen. Lè kò a pwodui mwen melanìn, cheve moun pouse pi vit e li vin pi fen. Transfòmasyon sa a nesesè sitou lè moun ap  viv nan fredi. Sa pèmèt yo gen kouvèti pou kenbe yo cho nan kote ki fè frèt. Kanta nen moun, li vin lonje e twou a pa dirèk anfas pou pèmèt moun k ap viv kote nèj ap tonbe pou yi pa respire nèj la dirèk. An gro, gen yon sèl ras, se ras imèn; men, ki transfòme ak tan pou adapte kote moun ap viv la.

Puiske moun ki pi klè yo, ki rele tèt yo blan yo, gen kontwòl politik/ekonomik/enfòmasyon mond lan, yo deside divize ras imèn lan an diferan ras selon koulè po ak trè moun. Se sa k fè jounen jodi nou ka pale de ras nwa, ras blan, ras jòn, ak ras wouj. Ras yo sèlman egziste nan reyalite pèp k ap dirije mond lan men ras sa yo pa chita sou okenn baz syantifik. Lasyans pwouve ke gen yon sèl ras: ras imèn. Si nou ta ap pale de koulè ke yo bay ras yo, pa gen youn ki egziste, eksepte ras nwa. An verite, pa gen moun ki ni blan ni wouj ni jòn men gen moun nwa. Sa vle di, moun nwa se ras orijinal la.

Istwa moun koumanse depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Lasyans pa menm ka antann li sou depi kilè, paske se tatonnen y ap tatonnen sou keksyon an. Men, sa nou sèten e ke syantifik yo antann sou sa, sè ke istwa moun koumanse ak istwa moun nwa an Afrik. Istwa moun nwa koumanse anvan anpi Ejipt men n ap koumanse istwa sa a ak li. Anpi Ejipsyen an te tabli nan Nò Lafrik nan tan depi anvan Jezikri. Kontinan Afriken an pa diferan de kontinan Ewopeyen nan jan moun repati. Anvan Èwòp te egziste, Afrik te deja egziste. Li te divize an tribi, gwoup moun ki pale menm lang e ki pataje menm kilti. Anpi Ghana te nan lwès kontinan an ant nevyèm ak trèzyèm syèk. Wayòm Dahome fè anpil tou kòm sous sivilizasyon, kilti, ak relijyon. Wayòm Benin te egziste nan menm tan ak anpi Ghana. Se te yon pèp ansyen ki te rele Ife e ki gen istwa li depi plis ke 500 zan anvan Jezikri. Wa Oba se youn nan wa  wayòm Benin ki make listwa pou jan li te entèlijan ak yon bon administratè. Se pèp Yaruba ki te vin pran mayèt wayòm lan an onzyèm ak trèzèm syèk. Ant trèzyèm ak kenzyèm syèk, se anpi Mali ak anpi Songhaï  ki t ap mennen an Afrik. Moun nwa, Afriken yo espesyalman, te toujou kwè nan yon lòt vi apre lanmò, menm jan yo te kwè nan yon yerachi fòs siprèm  ak kreyatè sa ki egziste nan tèt li. Afriken yo, atravè vodou, kwè ke zansèt yo pa mouri e yo ka ede vivan yo ki sou tè a toujou. Yo gen anpil respè pou lanati ki se manman tout sa ki egziste.  De non ki make istwa de anpi sa yo, se Mansa Musa wa anpi Mali ak Askia Muhamed l ki te anperè anpi Sunghaï nan epòk 1492 a 1520. Se nan epòk sa a blan koumanse fè moun nwa esklav. Esklavaj te egziste depi lannuit tan men esklavaj blan yo te enpoze moun nwa an Afrik te baze sou ras sèlman. Yo te vin ak yon doktrin ke si yon moun nwa, li enferyè. Se te yon fason pou efase epope moun nwa nan listwa kontinan Ewopeyen an. Anvan doktrin rasis Ewopeyen yo, esklav te tout koulè ak nan tout ras. Moun te esklav swa pou konsekans yo pèdi gè kont yon lòt pèp oubyen paske yo te gen dèt pou peye. Esklavaj Ewopeyen yo te inimen paske blan te fòse moun nwa travay pou grenmesi nan move kondisyon pou anrichi tèt yo.

Se nan charye esklav soti an Afrik pou vin travay nan koloni Ewopeyen ki te simaye nan sa yo rele Nouvo Mond lan, ki gen non Amerik yo,  ke yon revòlt esklav te pete pou bay egzistans a premye pèp ki fòme yon peyi de esklavaj a granmoun tèt yo. Peyi sila a se Ayiti. Goumen esklav Sendomeng yo kont Lafrans ki te premye pisans mond lan nan epòk sa a pwouve ke kontrèman a sa blan yo t ap klewonnen, non sèlman ras blanch pa yon ras siperyè men tou nèg nwè pi entelijan ke yo. 

Toussaint Breda, ki gen non François Dominique Toussaint Louverture soti de esklav pou l rive Jeneral lame Sendomeng. Toussaint te fèt nan ane 1743 sou abitasyon Bréda e li te mouri nan prizon an Frans nan Fort de Joux nan dat 7 Avril 1803. Se li ki te Jeneral lame revolisyonè Sendomeng yo, yon lame ki te gen nèg nwè ansyen esklav ak kèk milat. Jean Jacques Dessalines te anba lòd Toussaint nan lame endijèn sa a. Se nan seremoni bwa, ki se yon seremoni rasanbleman nan vodou, ki te fèt kay yon manbo ki te rele Cecile Fatiman e ki te gen ti non jwèt Iman, ke lwa ginen yo te bay Toussaint ak kèk lòt chèf tankou ti Nwèl ak frè Biassou yo lòd pou dirije lit pou libere pèp nwa de esklavaj. Seremoni sa a te fet nan nuit 14 Dawou 1791 sou envitasyon Dutty Boukman, yon esklav ki te soti nan zile Jamaïque. Se te premye gran rasanbleman esklav pou koumanse revòlt esklav yo nan Sendomeng, ki te mennen a liberasyon tout esklav nan koloni Franse sa a, apre yon konennchenn viktwa lame revolisyonè Sendomeng lan te fe sou lame Napoleon Bonaparte la nan batay Vètye 18 Novanm 1803. Boukman te fè yon priyè ki rete selèb pandan seremoni sa a, kote yo te touye yon kochon sovaj sou rit zansèt Afriken yo, vodou.

Toussaint se premye pami tout moun  nwa pou plizyè rezon, men sa ki fè li gen plis enpòtans, se paske li pa t pase nan gro lekòl politik ni diplomasi ni militè men li te bat blan yo, swadizan ras siperyè a, nan tout domèn sa yo. Li te pwouve li se yon jeni. Toussain jwe ni Franse ni Angle ni Espayòl yo pandan koumansman gè endepandans Ayiti a. Li te yon mèt nan estrateji militè, nan diplomasi, ak yon bon administratè tou. Jeni sa a te dekouvri yon feblès nan gè ejemoni ras blanch lan, se enterè ekonomik. Li te reyalize ke pandan tout blan antann yo pou kenbe moun nwa nan esklavaj, chak peyi t ap goumen pou defann zòn enfliyans li ak enterè ekonomik li. Se konsa Toussaint itilize ni peyi Angletè ni peyi Espay kont Lafrans, e pafwa youn kont lòt selon objektif li te vle atenn. Li pwomèt yo zòn enfliyans lè l bezwen sèvi ak lame yo oubyen marin yo, epi apre li choute bouda yo lè l nan pozisyon anfòs. Se Toussaint ki bay koloni Sendomeng lan premye konstitisyon l nan ane 1801. Se konsa,  Dessalines te suiv menm estrateji sa a pou te fini lit la apre Franse yo te bay Toussaint yon kou trèt pou arete ak depòte l pou l al mouri nan peyi Lafrans. Toussaint te toujou konsidere tèt li kòm Franse. Li pa t janm vle yon peyi endepandan de Lafrans, men pito yon koloni ki otonòm ki ka pran desizyon l san rete tann Lafrans pou dikte l. Kontrèman a Toussaint, Dessalines te vle yon peyi granmoun tèt li, ki pa gen anyen pou wè ak Lafrans. Toussaint te zanmi blan men Dessalines pa t vle wè blan akòz de sa li menm ak lòt esklav nwa te sibi anba men kolon blan. Apretou, se vre Toussaint te esklav, men li te yon esklav kay ki te gen kèk privilèj. Tandike, Dessalines te yon esklav plantasyon, yon esklav jaden ki te andire tout imilyasyon, privasyon ak move tretman.

Istwa moun nwa pa yon ti istwa. Li chaje ak soufrans men li chaje ak gason ak fanm vanyan tou. Moun ki goumen kont represyon ak esklavaj tankou Toussaint Louverture pou libere tout esklav sou latè gras a endepandans peyi dAyiti. Toussaint te libere mantalmalman anvan l t  al libere esklav k ak chenn nan pye. Toussaint, yon nèg nwè ki fè valè tout nèg nwè!

 

A propos de

Serge Leger

Serge Léger voit le jour aux Cayes, le 23 Octobre 1965. Poète, Dramaturge, Psychologue, Amateur de philosophie, d’histoire et de mythologie, l’auteur voue une passion à la lecture grâce à des auteurs comme Kant, Spinoza, Adler, Alexandre Dumas ou encore Bernard Cornwell et dé…

Biographie