Depi lane 2010,

Tout 12 janvye tris.

Kou dat sa a rive

Solèy nan kè n pa leve.

 

Depi lane 2010,
Tout 12 janvye tris. 
Kou dat sa a rive
Solèy nan kè n pa leve.
 
Tout sa k rete vivan  
Sonje move moman an.
Pa gen yon sèl Ayisyen 
Ki pa gen kè l ap senyen.
 
Goudougoudou te pase
Anpil nan tou te trepase. 
Li te vini fè bèl mèvèy
Lage nou tout nan dèy.
 
Dlo nan je n pa sispann koule 
Pou yon zetwal ki te file
Charye avè l yon ekla ri
Brote ale yon bèl souri. 
 
Koulè lakansyèl vin pal,
Vag lanmè yo bankal,
Yon ti kal souf van an koupe,
Yon pati nan tan an kanpe.
 
Jouk jounen jodi,
Lapenn nou enfini.
Lajwa n manke yon bout
Akòz yo k kite n nan wout.
 
Zantray nou tout make
Ak sa nou vin manke:
Kit se yon fanmi,
Kit se yon zanmi. 
 
12 janvye, 
Ou te san pitye.
Pa gen moun ki pa pèdi
Yon ti moso lavi.

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie