Sa fè deja kèk jou

 depi de pòpyè m pa kontre

Sa fè deja kèk jou
 depi de pòpyè m pa kontre

lannwit
 se yon lòt vi ki kòmanse
 lespri m monte desann
 li kreye yon monn mache prese
 kote chagren m gade m nan kwen je

lannwit 
 mwen fè vwèl
 sou do pwezi m
 al ateri nan vil Okay
 sou yon ti plas akote yon waf

tout souvni danfans mwen
 tout lapenn jenès mwen
 ap dodomeya la
 rèv mwen koke jiskaprezan
 sou yon pye pen prèskil dèzikak
 l ap voye ti bo bay lanmè lakarayib

l ap mande sa k kache dèyè lorizon

lannwit
 mwen mache tèt touni
 anba ti lapli twa jou vil Okay
 souvni m
 lakay mwen
 zanmi m
 sa k ale
 sa k disparèt

mwen vizite kèk peyi nan lemonn
 mòde pwent tete zetwal
satuyèt anba bra solèy

soulve jip Lamerik
 dechapote Lewòp

jwe nan bab Lafrik
 m pa janm rejwenn

ti plent nan gòj lapli
 k ap grate do tòl kay Okay
 m pa janm rejwenn
 timoun k ap pase dwèt
 niche dèyè kamyon melas

kò m ale kò m tounen
 chak fwa dlo vini Okay
 mwen gad zosman danfans mwen
 ki blayi sou do ap fè laplanch
 tankou ti bato papye nan rigòl

kò m ale kò m tounen
 m pa janm jwenn yon vil pòtre l
 ki gen koulè ak odè pye monben
 ki gen gou siwèl bò plaj Gelée
 ki Mabouya kò l tankou yon bann

kò m ale kò m tounen
 lespri m chita 
 sou ban lekòl mè Sentànn

pafwa l pandje
 sou tèt mi yon waf
 l ap chante
 “lapli vini vini
 m a ba w bonbon
 

A propos de

Jeanie Bogart

 Jeanie Bogart est née aux Cayes, une ville pluvieuse du sud d’Haïti. Elle commence à écrire des poèmes à l’âge de quatorze ans. La jeune fille traîne autant que possible sur les plages et sur le vieux port où elle puise son inspiration. Elle continue ses études secondai…

Biographie